Lemond jodi a pèdi youn nan figi ki pi sen e pi otantik nan listwa politik modèn lan. José “Pepe” Mujica, ansyen prezidan peyi Irigwe mouri a laj 89 ane, men li kite yon tras ki pi fò pase tout tan, pi pre moun pase tout meday, e pi pwisan pase tout zam.

Mujica pa t viv tankou chèf d Eta, li viv tankou sitwayen òdinè. Li te rejte palè prezidansyèl la, li te viv nan ti kay li sou yon ti fèm, li te monte motosiklèt li pou l ale travay, li te bay 90% nan salè li bay òganizasyon sosyal. Se pa pawòl li ki te fò se egzanp li. Se pa diskou li ki te konvenk se fason li te viv la.

Li toujou di : « Mwen pa pòv, mwen jis pa bezwen anpil pou mwen viv. »
Nan yon monn kote politisyen ap ramase richès, kote pouvwa vin egzanp avni pèp la, Mujica te chita kòm modèl rès mond lan te bezwen wè.

Filozofi li, se lavi kolektiv, respè pou limanite, ak distans ak materyalis.
Pou li, lavi pa pou mete moun youn sou lòt, men se pou konstwi ansanm. Lajan pa sipoze pi fò pase diyite, pouvwa pa sipoze pi lou pase sèvis. Li te viv sa l te kwè e sa fè li tounen mit vivan depi li te vivan.

Jodi a, anpil peyi ap onore li. Men, Ayiti pa janm konnen ni pwodui yon lidè tankou Mujica.
Nou gen doktè, avoka, pastè, senatè, prezidan elatriye..men nou poko janm konnen yon gason ki mete tèt li pi ba pase pòv la, pou li ka chita ak li, viv doulè li, epi sèvi li san bri. Ayiti ap kriye, pa paske li te pèdi Mujica, men paske li pa janm jwi yon “Mujica pa l”.

Nan tan kote politisyen ap fè konpetisyon pou flòt machin ak otèl liks, Mujica te montre se senplisite k ap sove limanite.
Nan epòk kote chak manda se okazyon pou vòlè plis, li te montre pouvwa se pou sèvi, pa pou grandi kont lòt.

Moun konsa pa mouri vre. Yo kite egzanp ki depase lanmò. Yo vin limyè sou chemen limanite, yo montre nou sa politik te sipoze ye.

Jodi a, nou pa di adye sèlman. Nou di : chapo ba.
Epi nou mande : kilè Ayiti va bay limanite pa li?

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar