Chanpyona nasyonal espesyal premyè divizyon an bay uit (8) kalifye yo ki nan wout pou final. Tablo play-offs chanpyona nasyonal espesyal la dezòmè konplè.
Uit (8) ekip yo ki sòti nan de (2)) gwoup nan sezon regilyè a kòmanse dènye liy dwat pou tit nasyonal la. Divize an de (2) poul, ekip yo ap jwe ant yo pou pran plas yo nan final la.
Men ekip ki kalifye yo :
Gwoup A : Baltimore SC, AS Capoise, Tempête FC, FICA
Gwoup B : Violette AC, America FC, Don Bosco FC, Juventus FC.
Faz gwoup play-offs yo ap demare 21 me 2025 sou kat (4) tèren nan peyi a : Pak Félix Saint-Victor (Kap-Ayisyen), Pak Résigné (Milo), Land des Gabions ak Pak Mister Henry (Okay). Chak fòmasyon pral jwe twa (3) match. Aprè douz (12) rankont ki prevwa, premye nan chak gwoup yo pral retwouve yo nan final nan Pak Félix Saint-Victor.
N ap fè konnen, ekip ki chanpyon an pral reprezante Ayiti nan Caribbean Cup, tandiske finalis la pral patisipe nan Caribbean Shield. De (2) konpetisyon sa yo ofri yon posiblite pou « Ligue des Champions de la Concacaf ».
Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE