Yon nouvo konsekrasyon pou pepit ayisyèn nan. Entènasyonal ayisyèn nan Melchie Daëlle Dumornay seleksyone, nan semèn sa, nan ekip tip sezon 2024-2025 lan pa Inyon Asosiyasyon Ewopeyèn Foutbòl (UEFA), yon distenksyon ki konsakre talan l nan pi wo nivo foutbòl feminen ewopeyen an.

Milye ofansif 21 lane a enpoze l kòm yonn nan jwez enfliyan sezon an. Melchie te vini nan OL Lyonnes an 2023, jèn ayisyèn nan franchi yon kap nan karyè l. Regilarite l ak pèfòmans wo nivo li yo kontribye nan siksè klèb li sezon sa, sa ki atire atansyon obsèvatè UEFA yo.

Dumornay aliye nan atak la bò kote divès esta k ap evolye nan pi gran klèb nan kontinan an. Corventina enpresyone pa vizyon l nan jwèt la, vitès egzekisyon l epi kapasite pou li fè diferans nan moman desizif yo.

Melchie Dumornay fè pati 11 elit sa, bò kote plizyè jwez ki sòti nan klèb tankou Baselòn, Asenal oubyen Chèlsi, sa ki senbolize rekonesans yon talan ki sòti nan yon peyi souvan ki pa genyen pwojektè foutbòl mondyal la sou li.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.