Jounen 4 jen 2025, administrasyon Donald Trump mete siy sou yon pwoklamasyon diskriminatwa, ki entèdi antyèman aksè sou teritwa ameriken an pou sitwayen 12 peyi, ladan yo Ayiti, Iran, Yemen, Eritre, Libye, ak plis ankò. Si ou vle konprann lespri sa ki t ap kondui rejim apartheid nan listwa, ou bezwen gade lis sa a: lajistis vlope ak papye « sekirite nasyonal », men vrè reyalite a, se seleksyon rasyal ak politik sistematik kont nasyon defavorize.

Trump pa di sa klè, men aksyon l pale pou li: li sèvi ak frè sekirite a kòm mask pou mete veto sou ras, sou rasin, sou relijyon, sou peyi kote mizè ak istwa politik konplike te fòse moun chèche refij. Sa pa gen anyen pou wè ak sekirite. Sa se move lespri. Sa se chita kach sou dwa moun.

Ayiti, yon peyi ki gen 220 lane endepandans, ki te premye nasyon nwa ki kraze esklavaj, jwenn tèt li sou lis sa a. Èske se sa ki krim nou kòm pèp? Èske se pòv nou pòv ki kondane nou? Oubyen se paske nou pa parèt kòm kliyan politik oswa alye jeyopolitik Etazini vle konsidere?

Anplis entèdiksyon total la sou 12 peyi, Trump mete restriksyon sou 8 lòt peyi, sitou peyi nan Lafrik ak Amerik Latin. Se pa nouvo estrateji sa a. Se resiklaj politik izolasyon, ki pa chita sou analiz, men sou ideyoloji. Se eksperyans ansyen ban « Muslim Ban » lan k ap re-aplike sou do lòt viktim kounye a.

Lè Etazini, ki toujou prezante tèt li kòm defansè dwa moun, vin chita ap seleksyonnen ki pèp ki merite eksistans, se fondasyon moral politik entènasyonal la k ap tranble. Sa a pa politik imigrasyon. Sa a se mezi pou fè pèp vin pi silansye, mete presyon sou gouvènman ki pa gen zouti defann tèt yo, e ranfòse baryè ant nasyon ki te deja izole.

Menm jan ak lòt epizòd nan listwa limanite kote diskriminasyon t ap gaye ak bèl mo, jodi a nou temwen avni plizyè milyon fanmi mete an danje pa yon siyati sèlman. Lè w kraze espwa sa yo, ou pa kraze dosye migrasyon — ou kraze espwa moun.

Nou denonse desizyon sa a.
Nou rele tout konsyans mondyal pou leve vwa.
Pati prensipal politik pa ka vin pi fò pase limanite.

Ayiti, Afrik, Mwayen Oryan, Karayib yo, se pa dechè limanite.
Se pa pikan kwen devlòpman. Se pa krim pou moun soti bò kote pa yo.
Krim lan se lè w mete fòs sou do pèp ki gentan gen souf li k ap koupe.

Jean Launy AVRIL
Editoryalis – Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar