Mibalè, aprè atak gang ame yo nan lannuit 30 pou louvri 31 mas politik (foli parèt divès aktè) lakòz pèp la k ap soufri pa ka tounen lakay yo. Ka sa a pa diferan pou popilasyon an nan komin Sodo.
Sosyete Sivil Mibalè a melanje ak otorite politik te pran desizyon kanpe baraj Pelig la pou egzije Leta santral pran responsabilite l fas ak gang ame ki anvayi Mibalè ak Sodo, nan yon konferans pou laprès Sosyete Sivil la te bay sou plas piblik Ench lan nan dat 24 me 2025 la, kote yo te anonse Prezidan KPT a Fritz Alphonse Jean te dwe vin pale ak yo nan madi 27 me.
Malerezman, prezidan Fritz Jean pa mete premye pye li jouk koulya, kote moun nan popilasyon an tounen Diogène ak yon balèn k ap chache Prezidan an ki t ap vin negosye ak Sosyete Sivil la.
Sa nou kapab remake, popilasyon an toujou k ap dòmi leve nan move kondisyon, toujou espere yon evantyèl retou lakay yo malgre yo pa ko wè ki kote lespwa a ap soti. » Responsab yo nan depatman Sant, pi presizeman nan komin Mibalè, se politik y ap fè ak sitayasyon Mibalè a, yo montre yo pa gen okenn enterè vre nan fè moun yo tounen lakay yo. » Se konsepsyon anpil moun ki deplase yo.
Dènye jou sa yo, chak moun ap batay pou fè tèt yo parèt pou pi bon nan dosye ensekirite Mibalè a. Plizyè sous polisyè diy de konfyans deklare nou se move politik malatchong ki lakòz batay pou libere Mibalè ak Sodo a pa pi lwen.
Tout moun vle fè tèt yo parèt, paske yo gen lide kandida. Pandan bandi yo bò kote pa yo kontinye ap kreye estrateji chak jou, pou wè kijan yo kapab defye lapolis, e rive akapare tout rès depatman Sant lan ak rès Gran Nò a ki se vrè objektif yo.
Finalman, sitwayen yo k ap viv nan malsite, k ap konnen tout move moman, mande Leta Ayisyen pran responsabilite l pou pèmèt yo rive tounen ale viv lakay yo nan diyite jan sa te ye pou yo avan.
Joseph Samuel GUILLAUME, Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE