Lendi 23 jen 2025 la make sizyèm jou kote Pòtoprens tonbe nan fènwa, aprè aksyon dezesperasyon yon pati nan popilasyon Bas-Plato Santral la ki deside mete presyon sou Leta Ayisyen , yo sabote kèk nan poto pilòn elektrik Pelig la. Objektif yo? Oblije gouvènman an pran responsabilite pou mete sekirite nan Mibalè ak Sodo kote gang ame ap vale teren san fren.
Aksyon sa a, ki se yon siy ekstwèm fristrasyon popilasyon an, pa ta dwe ka jistifye pa pèsonn. Men, li vin temwen klè de yon pouvwa san repons, san estrateji, san kapasite pou reponn ak reyalite ijan nasyon an. Peyi a nan dezòd, men otorite yo, yo menm, pa bay okenn siy repons konkrè. Se yon kontras flagran: pèp la anba tant, anba lapli, san kouran, san manje, tandiske minis yo, konsèy prezidansyèl la, ak tout sistèm nan kontinye fonksyone tankou tout bagay nòmal.
Premye Minis de facto Alix Didier Fils-Aimé te pwomèt sekirite ta priyorite depi li te monte sou pouvwa a 12 novanm 2024. Sis mwa apre, pèp la pa wè anyen. Okontrè, kriz la vin pi fon: nan vil yo, gang yo ogmante atak, kidnapin, touye moun.
Kisa ki pi grav nan tout sa a? Fòs lòd yo pa gen manyen reyèl sou kriz la, menm lè Primati a fè piblisite sou itilizasyon dro-n, oswa metòd “kamikaz” pou detekte nèg ak zam. Sa yo pa bay okenn rezilta konkrè, tandiske nèg yo ap vale plis katye, ap devlope plis baz, ap mete plis popilasyon deyò. Gen plis pase 300 000 moun deplase entènman, selon dènye done.
Jodi a, sa pèp la bezwen se pa diskou ankò. Se pa deklarasyon sou « mezi ki deja pran » ki pa janm aplike. Se pa vizit manfouben. Se pa foto diplomatik. Pèp la bezwen repons, repons ki sòti nan yon volonte politik reyèl. Otorite yo pa ka fè silans sou doulè a. Yo pa ka gade soufrans la pou kontinye mete resous Leta a sou gwo 4×4, sou konferans ki pa mennen okenn kote.
Sispann jwe ak pasyans pèp la. Si Pelig la koupe limyè a, se pouvwa a ki koupe lyen li ak pèp la. E si tout chita pale ak tout politik gouvènman sa a pa ka mete yon ti kalm, pèp la ap kontinye chèche limyè pa li, men fwa sa a, se pa elektrik, se limyè chanjman ak jistis.
Centre à la Une