Lè n ap pale de Pierre Réginald Boulos, nou pa ka fè l san nou pa mete l nan kontèks sosyete Ayisyèn nan, kote politik ak ekonomi, koulè ak pouvwa, klas ak privilèj tise youn nan lòt depi plizyè syèk. Arestasyon li Ozetazini mete l ankò sou sèn piblik la. Men repons sosyete a, souvan pase limit rezon. Gen kòlè. Gen selebrasyon. Gen rayisman. Gen silans. Men pi souvan, gen absans analiz estriktirèl sou sa Boulos reprezante.

Boulos se pa sèlman yon moun. Se yon senbòl. Senbòl yon klas, boujwazi ayisyèn minoritè, ki sou plizyè jenerasyon mete men sou mwayen pwodiksyon peyi a, kontwole finans, antrepriz, enpòtasyon, e ki souvan chita sou zepòl yon majorite ki mouri grangou. Li soti nan fanmi ki, dapre plizyè etid, fè pati ti ponyen moun ki kontwole plis pase 60% ekonomi Ayiti a. Se sa ki fè, nan je anpil Ayisyen, non Boulos la pa lye ak devlopman, men ak predasyon ekonomik.

Yon boujwa ki sèvi ak pouvwa politik

Nan dènye dizan yo, Pierre Boulos mete tèt li sou sèn politik la: li te kritike pouvwa anplas, sipòte manifestasyon, lanse pwòp mouvman politik li, epi patisipe nan moman kle opozisyon an. Gen kesyon ki poze sou finansman li bay, sou wòl li nan destabilizasyon gouvènman, e menm sou non li ki site san prèv piblik nan dosye lanmò Prezidan Jovenel Moïse.

Nou pa la pou kondane san jijman, men se pa yon sekrè ke anpil gwo boujwa Ayisyen sèvi ak lajan yo pou enfliyanse politik: mete kandida, mete gang, mete divizyon. Se pa imajinasyon pèp la, se reyalite yon sistèm ki pa janm mete dwa majorite a an priyorite.

Men, kontradiksyon an egziste

Pou nou rete entèlektyèl onèt, nou pa ka neglije sa Boulos fè nan kèk komin defavorize. Nan Site Solèy, gen lekòl li konstwi. Gen sant sante li sipòte. Gen manman li ede. Gen jèn li mete sou pye. Se vre. Men èske sa sifi pou rebalanse pwa tout sa sistèm li a kraze?

Li sanble ak sa Fanon te rele « almoz moral » boujwa yo bay pou yo ka kontinye domine. Yon lekol pou 200 timoun pandan 2 milyon lòt pa gen aksè. Yon sant sante nan yon katye, pandan tout sistèm sante a fin kraze pa privatizasyon, pa inegalite. Lè w wè mouvman sosyal li yo, ou wè efò. Men ou wè tou estrateji. Se pa charite pèp la bezwen. Se reparasyon, redistribisyon, jistis sosyal.

Lè repons popilè yo melanje ak kòlè rasyal

Li klè, koulè po ak orijin etnik Boulos lan pa fè l inosan, ni koupab. Men nou ta mal si nou pa denonse sa ki sanble ak diskou rayisab kont tout moun milat oswa siro-libanais. Fòk nou evite jeneralizasyon ki rale nou tounen nan chimen rans, olye de konsyans klas.

Paske, anpil lòt milat viv nan mizè. Anpil « nèg nwa » rich e kriminèl. Pwoblèm lan se klas sosyal ak mòd eksklizyon an, pa koulè po.

Boulos se pa koz mal Ayiti, men li se pwodwi li

Nou p ap sèvi ak Pierre Réginald Boulos kòm boukliye pèp la. Men nou pa dwe bliye non plis: li fè pati yon sistèm ki fè Ayiti tounen sa li ye jodi a, yon peyi kraze anba move politik, move distribisyon richès, e kote 4% popilasyon ap viv sou do 96% lòt yo.

Wi, li fè kèk bon aksyon. Men, Ayiti pa ka kontinye fonksyone sou bon volonte kèk oligak. Li bezwen chanje fondasyon li, mete dwa moun avan pwofi, mete konsyans avan kolonizasyon ekonomik.

Pou nou pa jis pale Boulos, men reflechi sou ki modèl boujwazi nou vle: Èske se boujwazi ki pran san bay? Oswa boujwazi ki rekonèt nesesite pou fè plis pase charite mete tèt yo pou chanjman estriktirèl?
Se kesyon sa a nou dwe poze.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar