Kat fwa baton pouvwa a chanje men, men Ayiti pa janm chanje sò. Jounen 7 dawout 2025 lan make katriyèm pasasyon baton direksyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), kote Laurent Saint-Cyr vin pran plas kòm nouvo kowòdonatè. Men se pa yon nouvèl ki fè pèp la sote pou kè kontan. Okontrè, se yon lòt epizòd nan yon seri move fim kote chanjman figi pa janm vle di chanjman sistèm. Depi kreyasyon KPT la, nèf (9) moun ap dirije yon peyi ki pa gen direksyon, yon pèp ki pa gen lespwa, ak yon eta ki lage tèt li bay tenten.
Depi premye moman KPT a te mete pye, peyi a tonbe pi fon chak jou. Nimewo ki vin pase youn apre lòt nan tèt kòdinasyon an Edgard Leblanc, Lesly Voltaire, Fritz Alphonse Jean tout pote flanm espwa a pou finalman kite li tounen lafimen. Malgre bèl pawòl sou konsansis, dyalòg, refòm ak repriz, peyi a pa janm wè ni limyè, ni wout. Nan plas plan, se pale; nan plas aksyon, se repons vagu; nan plas volonte, se fredi. Sa vin mete pi klè devan je tout moun ke KPT a se pa zouti sòti kriz, men pi rèd, se zouti pou nouri kriz la.
Fritz Alphonse Jean, ki fèk pase flanbo a, te reprezante, pou anpil moun, dènye chans pou KPT montre li kapab reponn vre ak misyon li. Men sa ki pase, se te pi gran ilizyon. Nan katye ki pran dife tankou Mibalè, Sodo, Pòtoprens ak Dèlma, gang ak zam te mete pye, e gouvènman an te kache. Otorite sa yo vin parèt plis tankou obsèvatè k ap pran nòt, olye de aktè responsab k ap pran desizyon. E pandan y ap fè diskou sou reparasyon, kit alimantè, restoran kominotè, pèp la pèdi lekòl li, mache li, sekirite li, ak diyite li.
Pasasyon baton sa yo bay tout aparans yon rityèl senbolik, kote sèlman ti klik elit yo ap selebre tandiske plis pase 12 milyon Ayisyen ap soufri, ap kouri kite peyi a, oubyen ap viv lannwit anba kè sote. Chak pasasyon san okenn bilan , san evalyasyon, san yo pa rann kont, vin mete plis glwa sou medyokrite. Chak chanjman san yon vizyon kolektif ak estrateji kouraj, fè pèp la konprann se pa chanjman nou ap viv, men resiklaj echèk.
Kisa ki eksplike chwa sa yo san enpak? Se paske KPT pa fonksyone tankou yon konsèy ki gen kapasite pou planifye e pran desizyon. Li vin tounen yon tablo kote politisyen al pentire ambisyon pèsonèl yo. Chak manm ap defann enterè pa li, chak chita pale vin yon okazyon pou mete grenn pwòp kandida yo sou teren pou pwochen eleksyon. Antretan, lavi ap vin pi di, mizè ap vin pi fon, ak Ayiti ap kontinye glise nan move tan san volan.
Nan konklizyon, nou pa kapab kontinye ak rit sa a. Pasasyon san remèsiman, san vizyon, san analiz pa ka kontinye jwe sou do pèp la. Chak chita pale san devlopman, chak baton pase san bilan, chak imaj seremoni san aksyon, se plis sèl sou blese pèp la. Si KPT pa ka mennen okenn plan klè pou sekirite, jistis, devlopman ak rekonstriksyon, pi bon solisyon an se rann kle leta a. Paske twòp, se twòp.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une