Yon lòt fwa ankò, diplomasi ayisyèn nan ap tounen yon tablo domino kote pyon yo deplase pa pou ranfòse Leta, men pou satisfè sèk prive ki gen pouvwa nan men yo. Non yo chanje, figi yo renouvle, men kesyon ki poze se : pou ki misyon, pou ki vizyon, pou ki peyi ? Lè ou tande yon long lis nouvo non : Marie Carol Pierre Paul Jacob nan Kiba, Roudy Stanley Penn retounen Taiwan, Pierre-Richard Cajuste nan Kata, Anaïse Manuel nan Wayòm Ini, Yverick Délérme Cyril nan Miami kòm konsil, ou ta ka kwè se yon jès estratejik pou relanse plas Ayiti sou echikye entènasyonal la. Men lè w fouye pi fon, ou remake se plis yon danse maskarad pase yon plan diplomatik.
Diplomasi se zèl yon nasyon, se li ki pèmèt yon peyi travèse fwontyè pou fè tande vwa l, defann enterè pèp li, chèche alye, resous, epi konstwi avni. Men nan ka Ayiti, zèl sa yo vin tounen plim dekoratif nan chapo politisyen ki plis konsène ak fè plezi zanmitay yo pase ak defann enterè peyi a. Chak chanjman nan tèt diplomasi a sanble ak yon kout kleren nan lakou : bri anpil, pawòl anpil, men esansyèl la toujou manke. Ki vizyon politik etranjè Ayiti genyen pou akonpaye chanjman sa yo ? Èske gen yon plan estratejik pou defann enterè nasyonal, oswa se yon lòt fantezi pou plen pòch ak ranpli CV zanmi pouvwa ?
Nou sonje byen : depi apre asasina Jovenel Moïse, diplomasi Ayiti ap flannen ant yon chimen kase ak yon pyès teyat. Anbasad vin tounen yon primè pou moun ki sou lis zanmi pouvwa. Sa ki genyen plis afilyasyon politik, plis kapasite pou fè lobi, jwenn plas nan gwo kapital mondyal yo, pandan dosye reyèl peyi a ensekirite, migrasyon, kriz agrikòl, efondreman enstitisyon yo rete deyò diplomasi sa. Se tankou vann rad sou mache, pandan kay ou ap pran dife.
Nan yon kontèks kote gang kontinye ap kraze chak zòn nan peyi a, kote ekonomi an ap plonje nan plis degradasyon, kote pèp la ap mouri grangou, èske diplomasi Ayiti genyen dwa tounen yon jwèt zanmitay ? Diplomasi se yon zam estratejik pou chèche solisyon entènasyonal nan kriz lokal yo. Se pou chèche solidarite, envestisman, fòmasyon, ak opòtinite pou ranfòse Leta. Men nan men dirijan yo, li tounen yon paradi pèsonèl pou egzile zanmi, rekonpanse alye, ak kache echèk gouvènans lan.
Kisa Ayiti genyen pou l pwopoze mond lan ? Ki ajanda gouvènman an mete devan nouvo anbasadè sa yo ? Èske se defann souverènte peyi a, chache teknoloji, negosye ak akò ki ka soulaje pèp la ? Oswa se yon bal maske politik, kote nouvo anbasadè yo sèvi kòm figi fre pou kontinye mete poud nan je kominote entènasyonal la ?
Diplomasi ayisyèn nan pa ka kontinye sèvi kòm fantezi pouvwa. Yon anbasad se pa yon kado pou zanmi, ni yon rekonesans pèsonèl. Se poto mitan defans nasyonal la nan mond lan. Si tout chanjman sa yo fèt san vizyon, san ajanda, san okenn plan estratejik pou pèp la, yo pap pote anyen lòt pase plis dezòd, plis dekoneksyon ak reyalite peyi a. Se tankou mete penti fre sou yon miray ki deja fann : yon jou li ap tonbe, e se pèp la ki pral kraze anba debri yo.
Jean Launy Avril editoryalis-Centre à la Une