Ayiti ap viv yon epòk kote mikwo a vin tounen zam ki pi danjere. Tout moun ki jwenn yon mikwo devan yo santi yo gen dwa bati yon anpi pawòl, fè pase lojik pèsonèl yo kòm laverite, epi sèvi ak odyans la kòm mas pou pwoteje enterè yo. Nan plas fòmasyon, nan plas etik, nan plas metodoloji syantifik, se opinyon san baz ki ap gide diskou piblik la. Sa tounen yon epidemi ki ap fini ak sosyete a, paske se pa verite, se pa analiz, se pa pwojè peyi yo ap defann : se patizan, se zanmi, se “boss” oubyen “patron” yo ap sèvi.
Nan yon peyi kote enstitisyon yo deja fèb, pratik sa a ap ravaje tout rès konfyans pèp la nan lide objektivite ak verite. Olye nou jwenn vwa ki gide, ki edike, ki fòme konsyans, nou jwenn yon pil bri san direksyon. Majorite moun ki pran mikwo a pa gen fòmasyon adekwa pou fè travay yo ak tout pwofesyonalis, yo pa respekte etik jounalis oswa analis dwe genyen. Rezilta : kontradiksyon sou kontradiksyon, pawòl ki demanti tèt yo, diskou ki sèvi pou divize plis pase pou konstwi.
Peyi d’Ayiti bezwen limyè nan mitan fènwa, li bezwen vwa ki pote konesans ak vizyon. Men sa nou jwenn pi souvan, se moun kap sèvi ak mikwo pou regle ti zafè pèsonèl yo, pou bati yon imaj, pou fè lajan, oubyen pou sèvi kòm zouti pouvwa. Se poutèt sa, pawòl yo pa janm dire, yo pa kite tras nan listwa, yo sèlman sèvi kòm bri ki kouvri silans verite a.
Se pa mikwo ki fè verite, se pa volim pawòl ki fè limyè. Verite a egzije rigè, egzije syans, egzije etik. Si Ayiti vle chape anba epidemi pawòl san fondman sa, li dwe fè plas pou vwa ki gen kredibilite, pou analiz ki chita sou konesans, e pou diskou ki vize enterè nasyonal, pa enterè pèsonèl. Sinon, n ap kontinye viv nan yon labirent kote tout moun ap pale, men pèsonn pa gide.
Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une