Lè n gade dosye ULCC yo, se yon gwo seri non k ap tounen tankou refren, tout deja site nan koripsyon, blanchiman, ak anrichisman ilisit. Chak fwa gen rapò ki sòti, gen konferans pou laprès, gwo tit nan medya yo, pèp la pran espwa. Men aprè kèk tan, tout bagay disparèt tankou lafimen. Dènye ka a ak ansyen DG Ladwann, Romel Bell, se senbòl yon sistèm ki konn fè anpil bri, men ki raman pote jistis. Kesyon ki leve a se: ki kote tout lòt dosye ki te sou tab la pase? Èske yo nan tirwa oubyen anba tab?
Anba gouvènman Gary Conille ak minis zafè etranje li Dominique Dupuy , se pa ti pawòl ki te pale sou gaspiyaj diplomatik: plizyè anbasadè raple, chaj d’affaires, chèf misyon. Yo te site pou depans san kontwòl, pou bidjè leta ki t ap gaspiye, men jodiya, kote yo? Pifò jwenn rekonpans olye pinisyon: transfè nan lòt misyon, lòt plasman, lòt avantaj. Sa kreye yon gwo paradòks: nan yon peyi kote pèp la ap mouri grangou, se moun ki gaspiye lajan l ki jwenn plis opòtinite.
Lè ULCC lage rapò li yo, li sanble ak yon gwo show off, yon spektak ki fèt pou jwe ak lespwa pèp Ayisyen. Yo site non, yo bay chif, yo montre eskandal, men rezilta final? Pa gen prizon, pa gen rekiperasyon lajan, pa gen reparasyon pou pèp la. Pi rèd toujou, se menm moun sa yo yo konn reenvante nan sistèm nan, monte ankò, rantre nan nouvo gouvènman, oswa resevwa nouvo misyon diplomatik.
Kesyon ki merite poze se: èske ULCC egziste pou sèvi ak verite ak jistis, oswa se yon zouti pou jwe ak emosyon pèp la, bay yon aparans batay kont koripsyon, pandan dosye yo ap fè sikonstans anba tab? Si se vre ULCC ap travay pou pèp la, nou ta dwe wè dosye ki abouti, jijman ki fèt, pinisyon ki pran. Sinon, se yon teyat mechanste y ap jwe, epi se pèp la k ap peye pri a chak jou.
Dosye ULCC yo se yon glas k ap montre feblès Leta Ayisyen ak enstitisyon jistis li yo. Pèp la bouke ak bri san rezilta. Nou bezwen plis pase rapò ak konferans: nou bezwen aksyon, verite, ak jistis. Sinon, tout bagay ap kontinye tounen yon gwo pyès teyat pou fè pèp la kwè gen batay kont koripsyon, pandan se menm koripsyon an k ap danse nan sant la.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une