Nan chak kwen peyi a, nan chak dyalòg nou tande, se menm refren an: “Fòk Ayiti chanje.” Se yon kri k ap monte nan lari, nan radyo, sou rezo sosyal, menm nan tribin ofisyèl. Tout moun swaf yon lòt sosyete, yon lòt gouvènans, yon lòt avni. Men lè n fouye pi fon, lè n gade nan konpòtman chak moun, nan aksyon nou yo, nan jan nou viv chak jou, nou oblije poze gwo kesyon an: Èske se vrèman chanjman nou vle, oswa se sèlman benefis chanjman san efò nou ta renmen?

Verite a fè mal: anpil nan moun ki pi fè bri sou chanjman, se yo menm ki refize chanje premye. Politisyen yo fè kanpay ak gwo diskou, men lè yo rive sou pouvwa, yo kontinye ak menm sistèm koripsyon ak zak trayizon. Biznisman yo denonse ensekirite, men yo menm se yo k ap finanse gang, achte politisyen, e bloke devlopman ekonomik. Sitwayen òdinè yo denonse enjisitis, men anpil nan yo toujou dispoze achte konsyans nan eleksyon, chèche wout kout olye yo respekte lalwa, oubyen fè konfyolo pou jwenn avantaj pèsonèl.

Se la gwo ipokrizi sosyete a kouche: tout moun swete solèy leve nan yon lòt bò, men pèsonn pa dispoze leve bonè pou l limen balèn nan. Se tankou imaj balèn Diogène a: nou ka mache tout lajounen nan mitan lari ak yon limyè, n ap chèche yon sitwayen onèt, yon lidè reyèl, yon pati serye. Men kisa n jwenn? Se refleksyon pwòp figi nou menm nan glas: yon pèp ki mande chanjman, men ki refize chanje nan pratik li yo.

Gade timoun yo ki bezwen lekòl, pandan paran yo ak otorite yo plis envesti nan fè politik demagoji. Gade lopital yo k ap tonbe anba menas gang, pandan menm moun ki rele tèt yo lidè ap negosye anba tab pou benefis pèsonèl. Gade jèn yo k ap kriye “fòk bagay chanje”, pandan anpil ladan yo toujou dispoze sèvi kòm makòn pou politisyen, oubyen kòm bra ame pou destriksyon. Chanjman nou ap mande a, li mande yon premye sakrifis: chajman tèt nou.

Nou nan yon sik vizye. Chak jenerasyon leve ak pawòl chanjman, men chak fwa nou rive nan kwen aksyon, nou fè bak, paske li pi fasil rete nan konfò abitid yo. Li pi fasil rele “aba” pase leve pye pou plante yon pyebwa. Li pi fasil boule yon biwo leta pase mande kont ak dokiman. Li pi fasil suiv yon demagog pase fòme tèt nou nan edikasyon politik ak sitwayènte. Se konsa, nan plas chanjman, se repete nou kontinye ap repete erè yo.

Pou Ayiti chanje, fòk nou gen kouraj mete tèt nou devan glas la. Pa gen okenn revolisyon reyèl san yon transfòmasyon mantal. Nou ka di tout sa nou vle sou Boulos, sou Barbecue, sou Fritz Jean, sou Alix Didier, sou gang yo, sou Ameriken yo, sou Nasyonzini. Men verite a rete: san nou menm, kòm pèp, pa chanje nan rasin, pa gen okenn chanjman dirab ki posib.

Fòk nou sispann tann chanjman kòm yon kado ki soti nan men lòt moun. Fòk nou sispann repete pawòl san aksyon. Fòk nou sispann pase tout tan ap denonse, san nou pa mete yon grenn pye bwa nan tè a, san nou pa respekte yon sèl liy lalwa, san nou pa prepare pitit nou ak edikasyon solid. Chanjman se pa yon mirak, se pa yon rityèl, se pa yon pawòl vid. Chanjman se yon travay ki mande pasyans, disiplin, ak kouraj.

Kesyon an rete ouvè pou nou tout: Nou tout vle chanjman, men kiyès ki pare pou chanje premye?

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar