Madagaska: aprè asanble nasyonal la fin destitiye prezidan #Rajoelina_Andry, militè CAPSAT pran pouvwa a madi 14 Oktòb 2025.
Se kolonèl Michael Randrianirina lame a mete nan tèt peyi a.

Yo kraze gouvènman epi fòse prezidan Andry Rajoelina egzile abò yon avyon Fransè.
Lakou konstitisyonèl la te pral valide destitisyon an avan menm CAPSAT disoud li.

Manifestasyon yo nan peyi Madagaska te entansifye nan dènye moman yo.

Plizyè sòlda te rejwenn yon kòtèj manifestan nan plen kè kapital Antananarivo, samdi 11 Oktòb 2025. Yon kontenjan nan lame a te fè apèl ak dezobeyisans pou refize tire sou manifestan yo.

Depi 25 septanm 2025, kolektif Jenerasyon Z yo pa sispann sakaje peyi a. Manifestan yo souvan eksprime kolè yo sou kèk pwoblèm ki lye ak koripsyon, blakawout, pwoblèm dlo ak yon latriye bezwen sosyal debaz.

Presyon yo te monte kont prezidan Andry Rajoelina, 51 lane ki trè konteste pa manifestan yo.

Jenerasyon Z la te reklame demisyon l ansanm ak prezidan Sena.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841