Germine Joly, alyas Yonyon, chèf gang 400 Mawozo Ayiti, kondane mèkredi 3 desanm 2025 pou li pase tout rès vi li nan prizon selon vèdik tribinal federal nan District of Columbia. Jij la jwenn li koupab pou tèt li te òganize kidnaping 17 misyonè, pami yo 16 sitwayen ameriken, ki te gen yon tibebe uit (8) mwa ladan yo, nan mwa oktòb 2021.
Sanksyon sa a tonbe sèt (7) mwa apre yon jiri te jwenn Joly, 34 an, koupab pou tèt li te dirije operasyon kidnaping kont misyonè Christian Aid Ministries, yon òganizasyon ki baze nan Eta Ohio. Jij John D. Bates te enpoze l tou yon amann 1 700 dola.
« Kondanasyon sa a montre klèman ke plan Germine te genyen pou jwenn liberasyon l an sèvi ak kretyen kòm pyonn tounen kont li », daprè sa pwokirè ameriken Jeanine Pirro te deklare.
Majorite otaj yo, pami yo te gen yon Kanadyen, li te kenbe pandan 62 jou anba menas zam. Yo te lage yo apre yo te peye yon ranson 350 000 dola, yon liberasyon yo te prezante piblikman kòm yon « evazyon ». Dosye sa a te mete limyè sou gang 400 Mawozo epi sou move klima sekirite Ayiti ap viv, ansanm ak ogmantasyon gwoup ki espesyalize nan kidnapping.
Lè zak yo te fèt la, Joly te nan Pénitencier National d’Haïti. Men li te kontinye dirije operasyon gang nan gras ak telefòn selilè ki pa t kontwole. Depi nan selil li, li t ap kowòdone kidnaping yo epi sipèvize yon rezo trafik zam ki sòti Etazini pou antre Ayiti, avèk konplisite kèk asosye li nan Florid. Temwen yo te deklare tou li t ap jere lajan gang nan, tankou pèman manm yo te resevwa ki sòti nan ranson yo.
An janvye 2024, nan yon lòt dosye separe, Joly te plede koupab pou yon konplo trafik zam ki vyole lwa ameriken sou ekspòtasyon, ansanm ak blanchiman lajan ranson otaj ameriken yo. Nan mwa jen, li te kondane a 35 lane prizon pou krim sa yo.
Sèvis pwobasyon federal te rekòmande yon kondanasyon prizon à vi pou ka kidnapping nan, avèk 60 mwa liberasyon siveye epi yon penalite espesyal 1 700 dola, tout sa pou l ta sèvi ansanm ak lòt pinisyon yo. Pwokirè yo te sipòte rekòmandasyon sa a, mete aksan sou gravite krim nan. « Krim sa a te fèt pou enterè pèsonèl akize a, li te vle jwenn liberasyon l an echanj ak otaj yo », yo te raple.
Avoka Joly yo te mande pou li jwenn anviwon 25 ane ak 8 mwa prizon, pou l ta sèvi an menm tan ak pinisyon li te deja resevwa pou ka trafik zam nan. Yo te konteste lide ki fè Joly se te vrè lidè 400 Mawozo a, epi yo te di li pa dwe pini de fwa pou menm zak yo. Yo te mete devan tou difikilte li te konfwonte pandan anfans li, kote yon matant ak yon tonton te leve l apre paran li yo te ale viv Ozetazini, yon sitiyasyon ki te make l anpil. Selon yo, Joly te konn eseye ede moun ki plis vilnerab yo nan yon peyi kote Leta pa t ofri sèvis debaz yo.
Misyonè mennonit yo te kidnape 16 oktòb 2021 pandan yo tounen soti nan yon vizit nan yon òfelina nan lès Pòtoprens. Pami yo te gen senk timoun, pami yo yon tibebe. Gang 400 Mawozo te reklame rapidman responsabilite yo sou rezo sosyal yo epi yo te mande 17 milyon dola, yon milyon pa viktim. Nan dat 11 novanm 2021, ravisè yo te menm mande libere Joly an echanj ak otaj yo.