Nan jounen entènasyonal migratwa a 18 desanm, jedi 18 desanm 2025 la jounal Centre à la UNE te echanj ak plizyè migran (jèn e adilt) k ap viv nan peyi Brezil, nan sousi pou yo kouri pou ensekirite jeneralize a ann Ayiti, epi tou pwofite chache fè yon bon sante ekonomik.
Daniel PITON ki soti Kanperen ann Ayiti, operatè III, ki di nou li travay nan blòk anbalaj vyann, rakonte nou salè de baz yon moun touche nan youn nan 2 konpayi yo se 2000 reais•• ak yon monnen sou li, swa anviwon 46 000 goud Ayisyen. Chak mwa, lè Ayisyen an fin peye kay, bil epi voye transfè Ayiti si se posib, li rete sou kont li ant 4 a 500 reais pou mwa a.
••Reais : Se non lajan peyi Brezil la.
Antoinette JACQUES ki se moun Piyon, operatè II, ki te pale ak nou, deklare li travay pandan 10 h de tan pa jou, li travay pandan 5 jou nan semèn nan, li genyen 1 jou san travay yo rele (folga) epi jou dimanch pa gen travay ditou. Li di nou li genyen 1h 45 minit poz pa jou, ki divize an 3 poz 20 minit + 45 minit pou manje. Li fè konnen yon moun ka travay maten (3h AM – 12h 48 PM) oubyen aprè midi (2h PM – 11h 48 PM).
Keniol PIERRE ki se moun Tigwav epi operatè II, rapòte pou nou gen nan konpayi yo ki pa bay anplwaye yo (coraborador) jou konje. Li fè konnen malgre lalwa egzije sa, men mèt konpayi yo jwe anba anba, yo peye lajan, epi fè travay prèske tout jou konje yo. Li ale pi lwen pou di, si pa aza konpayi a ta bay yon jou konje, ebyen travayè yo ap gen pou ale peye jou sa a nan jou folga yo a.
Wilson CHERY ki se moun Akayè, operatè II, rakonte nou li dwe rive nan travay la ant 2h 00 a 2h 10 PM, si li rive a 2h 11, sa vle di li anreta, responsab yo (monitor) ap fè li siyen. E si li siyen 3 fwa pou menm kòz la, y ap voye li fè plizyè jou lakay li epi yo p ap peye li jou sa yo. L ap pèdi tou yon kòb (anviwon 350 reais) yo mete sou katon chak mwa pou anplwaye yo achte sèlman.
Selon Tidoux SAINFORT ki soti Tipen, komin Sodo, operatè II, fè konnen depi li kite bab nan vizaj li, depi li pa fè zong li, depi li antre nan espas travay la ak yon objè ki pa kat daksè travay la, responsab yo ap fè li siyen. Li fè konnen li ka sèlman kite moustach nan bouch li, men fòk li mete yon kachnen pou bare moustach yo, san sa, l ap siyen.
Alain CAILLAUX ki se moun Jeremi, operatè III, ki gen 8 lane nan youn nan konpayi yo, di nou lè konpayi yo fè anpil benefis nan yon ane, yo toujou bay chak anplwaye yo yon salè anplis de salè mansyèl yo a, salè sa a rele PPR. Li fè konnen si yon anplwaye siyen yon sispansyon pou yon kèlkonk rezon, l ap pèdi salè sa a nèt oubyen l pèdi yon bon pati ladan li.
N ap note, chak konpayi sa yo genyen anviwon 50 000 anplwaye selon estatistik ki disponib sou pòtal yo. Yo resevwa, chak jou yo louvri, tout moun ki swete genyen yon anplwa fiks. Konpayi sa yo gen tout nasyon, tout koulè, tout ras ak tout kalite anplwaye tankou moun ki gen defisyans fizik (kokobe), avèg, soud, e menm moun ki pa fin genyen bon sans yo, selon sa plizyè responsab rakonte nan kad yon konferans sou antrepriz yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE