Ansyen chèf deta Venezyela a, Nicolas Maduro, ki te kaptire samdi pa lame ameriken an, te plede pa koupab lendi 5 janvye 2026 la nan Nouyòk pou akizasyon trafik dwòg ki peze sou li, pandan li deklare li toujou “prezidan” peyi li.
“Mwen inosan, mwen pa koupab. Mwen se yon nonm onèt”, se pawòl ansyen lidè a ki gen 63 an, dapre CNN, devan jij Tribinal Federal Distri Sid Manhattan an, ki te ofisyèlman li kat (4) chef akizasyon ki poze sou li.
Madanm li, Cilia Flores, ki gen 69 an, ki te prezan bò kote li, te plede pa koupab tou.
Plizyè dizèn patizan ak opozan ansyen prezidan an te rasanble devan tribinal la, youn anfas lòt.
“Jodi a se anivèsè mwen, e se pi bèl kado mwen janm resevwa nan lavi mwen”, se sa Angel Montero, yon Venezyelyen 36 an, te deklare. Li di li vle remèsye Donald Trump pou gwo operasyon militè ki te mennen nan kaptire Nicolas Maduro.

An menm tan, nan Caracas, plizyè depite t ap chante “Allez Nico” pou soutni prezidan yo konsidere kòm defèt, pandan ouvèti yon nouvo sesyon Lasanble Nasyonal la.
“Kòripsyon ak ilejitimite”
Nicolas Maduro ak madanm li ap fè fas Ozetazini ak yon nouvo akt akizasyon ki te pibliye samdi, ansanm ak kat (4) lòt moun ki poko arete. Pami yo genyen Diosdado Cabello, minis Enteryè Venezyela a, youn nan moun ki pi pwisan nan peyi a, ansanm ak pitit gason Nicolas Maduro.
Dapre akt akizasyon an, ansyen prezidan an te dirije yon gouvènman kòripsyon ak ilejitim ki, pandan plizyè dizèn ane, te itilize pouvwa Leta pou pwoteje epi ankouraje aktivite ilegal, sitou trafik dwòg. Trafik sa a ta pèmèt elit politik ak militè Venezyelyen an vin pi rich epi kenbe pouvwa yo pi solid.
Yo akize li tou dèske li te fè alyans ak gwoup geriya, sitou ann Kolonbi, Washington klase kòm gwoup teworis, ansanm ak katèl kriminèl, pou voye tòn kokayin Ozetazini.

Tansyon diplomatik ak reyaksyon entènasyonal
Apre operasyon ameriken an, Delcy Rodríguez, ki te vis-prezidan Nicolas Maduro e ki deziyen kòm dirijan pwovizwa Venezyela, fè konnen li pare pou kolabore ak Etazini nan kad relasyon ekilibre, respekte, baze sou egalite ant eta yo ak non-entèvansyon.
Sa parèt tankou yon siy ouvèti anvè Donald Trump, ki deja avèti li :
“Si li pa fè sa ki dwe fèt, li pral sibi yon sò ki pi mal pase sa Maduro te sibi.”
Plizyè peyi mete an dout legalite entèvansyon ameriken an, Etazini prezante l kòm yon “operasyon lapolis”.
Nan yon reyinyon ijans Konsèy Sekirite ONU a, Sekretè Jeneral Antonio Guterres lanse yon apèl pou respekte endepandans politik peyi yo.
Lafrans, atravè Prezidan Emmanuel Macron, fè konnen metòd Etazini itilize a pa soutni ni apwouve pa Paris.
Inyon Ewopeyen an eksprime enkyetid li tou.
Kiba, Kolonbi ak enterè petwòl Venezyela
Pandan operasyon an, gouvènman Kiba konfime 32 ajan sekirite kibèn mouri. Donald Trump deklare :
“Kiba pare pou tonbe”, li estime peyi a ap gen difikilte pou kenbe tèt san revni petwòl Venezyela.
Li fè konnen tou yon operasyon menm jan an an Kolonbi ta ka “yon bon ide”.
Malgre Etazini di yo pa vle repete erè Irak ak Afganistan, Donald Trump pa kache enterè li pou gwo rezèv petwòl Venezyela, ki se pi gwo rezèv petwòl pwouve nan mond lan.
Li anonse li pral pèmèt konpayi ameriken yo eksplwate petwòl Venezyela, ki jiskaprezan vann petwòl li ilegalman, sitou bay Lachin.
Menm si pa gen okenn fòs ameriken ki rete andedan Venezyela, yon gwo prezans naval, ki gen ladan yon bato avyon, kontinye rete toupre kòt peyi a.