Gen kesyon ki deranje, paske yo frape dwat nan nè pwoblèm nan. Èske Tonton Sam, atravè Anbasad ameriken an, ap antre nan lojik ranplase enstitisyon ak pati politik yo an Ayiti ? Se pa yon kesyon pwovokasyon; se yon kesyon reyalite. Jodi a, nan pratik politik peyi a, anpil desizyon sanble fèt pa nan Palman (ki pa egziste), pa nan tribinal (ki febli), pa nan eleksyon (ki pa fèt), men nan koridò diplomatik. Sa ki pa jwenn benediksyon “anba” a, sètadi anba je ak anba konsèy patnè entènasyonal yo, gen tout chans pou li pa janm pase. Lè sa a rive, se pa sèlman demokrasi ki an kriz; se Leta a li menm ki vin senbolik.
Nan yon peyi nòmal, se enstitisyon yo ki deside, se lalwa ki trase limit, se pèp la ki bay lejitimite. Men ann Ayiti, feblès estriktirèl pouvwa piblik yo fè anbasad yo tounen sant abitray politik. Aktè politik yo pa kouri dèyè vòt sitwayen; yo kouri dèyè foto ak diplomat. Yo pa chèche pwogram pou pèp la; yo chèche apwobasyon pou kontinye egziste. Se konsa, ti kras pa ti kras, diplomasi ranplase demokrasi, akò etranje ranplase kontra sosyal, presyon entènasyonal ranplase deba nasyonal.
Men kesyon ki pi grav la se pa sa etranje ap fè. Peyi toujou ap defann enterè pa yo. K kesyon an se : poukisa Ayiti aksepte wòl sa a ? Poukisa klas politik la pa batay pou rekonstriksyon enstitisyon yo, men pito adapte l ak absans yo ? Poukisa nou abitye ak lide ke “sa pa ka fèt san blan”, ke “sa pa ka mache san anbasad”, ke “sa pa ka pase san konsèy etranje” ? Sa se pa diplomasi, se abitid soumèt. Sa se pa koperasyon, se delegasyon souverènte.
Pandan tan sa a, pèp la rete deyò jwèt la. Desizyon yo pran sou sekirite, sou tranzisyon, sou avni pouvwa a, fèt san vòt li, san konsiltasyon li, san kontwòl li. Demokrasi vin tounen yon dekorasyon diskou, pandan reyalite a se yon gouvènans anba sipèvizyon. Nou pa nan yon okipasyon militè fòmèl, men nou nan yon okipasyon fonksyonèl : lòt moun valide sa nou pa ka valide tèt nou, lòt moun oryante sa nou pa ka òganize tèt nou, lòt moun trase liy sa nou pa rive trase pa lwa.
Pi gwo trajedi a, se ke sitiyasyon sa a vin prezante kòm “nòmal”, menm kòm “nesesè”. Yo di nou : Ayiti twò fèb, Ayiti twò divize, Ayiti twò dezòdone pou li deside pou tèt li. Kidonk, fòk lòt moun fè l. Men kesyon ki pa janm poze se : ki moun ki fè Ayiti vin konsa ? Ki politik, ki entèvansyon, ki alyans ak elit lokal ki kraze kapasite Leta a pou fonksyone ? Lè nou bliye istwa sa a, nou vin kwè ke depandans se yon fatalite, olye li se rezilta yon konstriksyon politik.
Finalman, kesyon an pa si Tonton Sam vle ranplase enstitisyon ayisyen yo. Tout gwo pouvwa chèche enfliyans. Kesyon an se si Ayiti ap kontinye kite yo ranplase l. Paske pa gen anbasad ki ka pran plas yon Leta ki fonksyone. Si anbasad ap pran plas Leta, se paske Leta a vid, se paske li abandone fonksyon li, se paske klas politik la renonse a souverènte li an echanj pou rekonesans, pwoteksyon, oswa siviv politik.
Rekonstriksyon Ayiti pa pral soti nan anbasad. Li pa pral soti nan kominike diplomatik. Li pa pral soti nan “ok pou Washington” ni nan “vèdik patnè entènasyonal yo”. Li dwe soti nan enstitisyon ki retabli, nan pati politik ki serye, nan eleksyon ki kredib, nan yon pèp ki reprann dwa li pou deside. Toutotan nou aksepte ke “sa pa pase si sa pa soti anba”, n ap konfime ke nou pap viv nan yon demokrasi, men nan yon pwotektora politik san non.
Sa a se pa yon kesyon anti-ameriken. Se yon kesyon anti-vakans Leta. Se pa kesyon ranje kont etranje, men kesyon leve kanpe kòm nasyon. Paske yon peyi ki kite lòt moun deside pou li, menm ak bon entansyon, se yon peyi ki pa viv kòm repiblik, men kòm espas administrasyon kriz. E okenn pèp pa ka bati avni li sou baz sa a.
Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la UNE