Gen deklarasyon ki pa bezwen analiz twò long pou revele sa yo ye vrèman. Lè Anbasad Etazini an fè konnen klèman ke, menm lè manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap fini 7 fevriye, yo “sipòte lidèchip Premye Minis Fils-Aimé” pou konstwi “yon Ayiti fò, pwospè ak lib”, kesyon an pa si deklarasyon an bèl sou fòm. Kessyon an se : ki moun k ap deside pou Ayiti ? Pèp la, oswa Washington ?

Nan yon fraz, Etazini fè sa Ayiti pa rive fè depi lontan : li trase liy pouvwa a, li chwazi kan li, li valide yon figi, pandan enstitisyon Ayisyen yo nan konfizyon total. Konsèy la pa gen prezidan, men li gen 9 manm. Li gen yon kòdonatè, men kòdonatè a pa prezidan. Konsèy la nonmen Premye Minis, li revoke Premye Minis, Premye Minis refize ale… e se Anbasad Etazini ki vin mete pwen final la. Sa pa sipò diplomatik. Sa se abitraj politik.

Pi ironik la, se diskou sou “Ayiti lib”. Ki libète n ap pale la a, lè se yon anbasad etranje ki anonse kiyès li sipòte kòm lidè, menm lè manda estrikti ki te nonmen li a ap fini ? Ki souverènte ki rete, lè mo final la pa soti nan Konstitisyon, ni nan yon tribinal, ni nan pèp la, men nan yon tweet diplomatik ? Ayiti pa dirije ankò, li administre selon apwobasyon ekstèn.

Deklarasyon sa a mete tout kriz la a toutouni : Ayiti pa sèlman gen yon pwoblèm lidèchip, li gen yon pwoblèm titèl. Lè Etazini pale, sistèm nan ajiste. Lè Etazini deside, deba a fèmen. E pandan sa, pèp la ap gade, flou, fatige, fristre, ap mande tèt li si li toujou mèt lakay li. Se pa konsa ou konstwi yon peyi “fò”. Se konsa ou kenbe yon peyi depandan.

Si Ayiti dwe vin pwospè ak lib, li pap janm fèt sou baz validasyon diplomatik, men sou baz lejitimite, lwa, ak volonte pèp la. Toutotan pouvwa a ap chèche benediksyon anbasad olye konfyans sitwayen, toutotan kriz yo ap rezoud sou Twitter olye nan enstitisyon, Ayiti pap ni solid, ni pwospè, ni lib.

Deklarasyon sa a pa yon jès zanmitay. Li se yon rapèl brital : Ayiti toujou anba je, anba men, anba enfliyans.
E kesyon istorik la rete poze, san repons :kilè Ayiti ap pale pou tèt li, san tradiksyon diplomatik ?

*Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une*

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841