Òganizasyon entènasyonal dwa moun Human Rights Watch lanse yon alèt sou operasyon dròn k ap fèt kont gang ame yo ann Ayiti. Nan yon rapò li pibliye resamman, òganizasyon an fè konnen plis pase 1 200 moun pèdi lavi yo nan frap dròn ki te fèt ant mas 2025 ak janvye 2026 nan zòn Pòtoprens ak anviwònman li yo.
Selon dokiman an, omwen 1 243 moun ta mouri pandan operasyon sa yo, tandiske 738 lòt moun ta blese. Rapò a fè konnen an total 141 frap dròn te fèt pandan peryòd sa a pou vize gwoup gang ame k ap opere nan kapital la.
Human Rights Watch presize pami viktim yo gen omwen 60 sivil, ladan yo 17 timoun, ki ta pèdi lavi yo pandan operasyon yo. Òganizasyon an eksprime gwo enkyetid sou risk ki genyen pou operasyon militè sa yo lakoz vyolasyon dwa moun.
Daprè rapò a, frap sa yo te fèt pa fòs sekirite ayisyen yo ak sipò yon konpayi militè prive ameriken ki rele Vectus Global. Konpayi sa a ta dirije pa Erik Prince, ki se fondatè konpayi sekirite prive Blackwater.
Nan analiz li, Human Rights Watch mande otorite ayisyen yo pou yo mete plis transparans sou fason operasyon sa yo ap fèt. Òganizasyon an mande tou pou gen ankèt sou posib ekzekisyon ilegal epi pou Leta pran mezi pou pwoteje lavi sivil yo pandan operasyon sekirite yo.
Rapò a vini nan yon moman kote otorite ayisyen yo ak patnè entènasyonal yo ap chèche nouvo estrateji pou konbat gang ame yo ki kontinye ap ogmante ensekirite nan plizyè zòn nan kapital la ak lòt rejyon nan peyi a.