Apre de (2) semèn deplasman sou teren, Delegason Depatmantal Sant lan anonse fen yon toune estratejik ki te lanse depi 29 mas 2026, anba direksyon Delege depatmantal la, Me Frédérique OCEAN.

Se yon nòt pou laprès delegasyon an mete deyò 10 avril 2026, yo fè konnen objektif prensipal la se te ranfòse kowòdinasyon ant enstitisyon yo pou amelyore sitiyasyon sekirite nan depatman an.

Toujou selon nòt la toune sa a te mennen delegasyon an nan plizyè komin ak estrikti enpòtan nan plato santral la , tankou meri, komisarya ak sou-komisarya nan vil Hinche, Thomonde, Lascahobas, Cerca-la-Source, Croix-Fer, Belladè ak Boukan-Kare.

Pandan vizit yo, plizyè rankont estratejik te òganize ak otorite lokal, jidisyè ak lapolis, ansanm ak reprezantan sosyete sivil la. Pami moun ki te patisipe yo, genyen majistra, vis-delege, direktè depatmantal lapolis, responsab pwoteksyon sivil, komisè gouvènman, jij lapè, lidè relijye, antreprenè ak manm laprès.

Rankont sa yo te pèmèt mete ansanm plizyè responsab kle tankou majistra Fredner Joseph ak Lochard Laguerre, vis-delege Cleonor Souverain, Jeff Bony Louisia ak Monson Jules, san bliye direktè depatmantal lapolis la, Makenzy Jacques, ak responsab Polifront lan, Pierre Luckson. Plizyè lòt pèsonalite enpòtan, tankou Me Henrillot Thermidor prezidan BED sant, Majistra Castel Appolon, Marc Evans JN Baptiste, Nathalie Louis ak Elemus Estaman, te patisipe tou nan diskisyon yo.

*Yon batay kolektif kont ensekirite*

Nan sant diskisyon yo, kesyon sekirite a te pran tout plas li. Otorite yo mete aksan sou nesesite pou ini fòs yo pou konbat zak banditis k ap ravaje plizyè zòn nan depatman an. Yo salye angajman inite espesyalize Polis Nasyonal Dayiti (PNH) yo ki deja sou teren ap mennen operasyon pou dechouke gang yo.

Prezans plizyè sektè soti nan lajistis rive nan legliz, pase pa sektè prive ak laprès montre gen yon volonte kolektif pou jwenn solisyon dirab pou kriz la

*Yon apèl pou plis kolaborasyon*

Delegasyon Depatmantal Sant lan di li ankouraje tout aktè yo kontinye travay ansanm pou rive jwenn objektif ki fikse yo. Otorite yo kwè se sèlman atravè tèt kole ak dyalòg ke depatman an ap kapab reprann estabilite li epi retounen sou chimen devlopman.

Suit ak toune sa a konplèks administratif Ench lan ki loje divès ministè ak lòt biwo fèmen pa kèk moun pou proteste kont retou an fòs delege OCCÉAN nan depatman an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841