_Mondyal 2026 : yon rèv ki devni reyalite pou Ayiti. Rèv seleksyon ayisyèn foutbòl la pou te patisipe nan koupdimonn 2026 la konkretize. Ayiti ap nan Mondyal FIFA 2026 la aprè 52 lane atant, 52 lane lespwa, 52 lane swaf grandè. Priyè a monte! Rèv la reyalize!_

Se 48 nasyon divize an 12 gwoup k ap patisipe pou premyè fwa nan listwa koupdimonn. Se yon edisyon istorik ! Se pral 23zyèm edisyon tounwa a, match yo ap dewoule sòti 11 jen pou rive 19 jiyè 2026 nan Etazini, Meksik ak Kanada. Ayiti nan gwoup C akonpanye Brezil, Mawòk ak Ekòs. De (2) premye nan chak gwoup ap dirèkteman kalifye pou 16zyèm de final, 8 meyè 3zyèm ak kalifye tou pou faz eliminasyon dirèk. Konpetisyon an ap kòmanse jedi 11 jen 2026 ; faz gwoup la ap fini samdi 27 jen ; final la ap fèt dimanch 19 jiyè 2026.

Men lis 26 Grenadye yo ki pral fè flote drapo ble ak wouj la nan peyi Etazini, Meksik ak Kanada.

Gadyen :
Johnny Placide (SC Bastia)
Alexandre Pierre (FC Sochaux)
Josué Duverger (FC Cosmos Koblenz)

Defansè :
Carlens Arcus (Angers SCO)
Wilguens Pauguain (SV Zulte Waregem)
Duke Lacroix (Colorado Springs)
Martin Expérience (AS Nancy-Lorraine)
JK Duverne (KAA Gent)
Ricardo Adé (LDU Quito)
Hannes Delcroix (FC Lugano)
Keeto Thermoncy (BSC Young Boys II)

Milye :
Leverton Pierre (FC Vizela)
Carl-Fred Sainthe (El Paso Locomotive FC)
Jean-Jacques Danley (Philadelphia Union)
Jeanricner Bellegarde (Wolverhampton
Pierre Woodenski (Violette AC)
Dominique Simon (FC Tatran Prešov)

Atakan :
Louicius Deedson (FC Dallas)
Ruben Providence (Almere City FC)
Josué Casimir (AJ Auxerre)
Derrick Étienne (Toronto FC)
Wilson Isidor (Sunderland AFC)
Duckens Nazon (Esteghlal FC)
Frantzdy Pierrot (Çaykur Rizespor)
Yassin Fortune (FC Vizela)
Lenny Joseph (Ferencváros TC).

Koupdimonn FIFA 2026. Men kalandriye match Ayiti.
1. Ayiti vs Ekòs : 13 jen 2026 ;
2. Brezil vs Ayiti : 19 jen 2026 ;
3. Ayiti vs Mawòk : 24 jen 2026.

Ayiti fè gran retou li sou sèn mondyal la aprè plis pase senkant lane. Aprè kalifikasyon istorik sa a, 52 lane aprè dènye patisipasyon l, Ayiti nan Mondyal 2026. Tout bagay posib nan foutbòl ! Grenadye alaso !

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841