Lendi 31 Dawout 2026 | 00572
Ekri: Jean Launy AVRIL

Depi kèk tan, kestyon eleksyon an ap pran plis plas nan deba piblik ann Ayiti. Nou wè kanpay mobilizasyon, nou wè moun ap anonse kandidati yo, nou wè non ap sikile pou diferan pòs, depi nan nivo lokal rive nan tèt Leta. Men, pandan mouvman sa a ap grandi, gen yon kestyon ki merite plis atansyon pase kantite kandida k ap pare pou antre nan kous la: kiyès ki vrèman prepare pou dirije peyi a? Paske demokrasi pa kapab sèlman mezire ak kantite moun ki vle kandida. Li dwe mezire tou ak kalite moun ki mande pèp la pouvwa. Ki kote moun sa yo soti nan lavi politik peyi a? Ki eksperyans yo genyen? Ki vizyon yo pote? Ki ideyoloji yo defann? Ki travay yo deja fè? Ki fòmasyon ki prepare yo pou responsablite yo vle pran an? Se kestyon sa yo ki dwe nan sant refleksyon nou jodi a, paske Ayiti pa kapab kontinye trete kestyon pouvwa a tankou yon opòtinite pèsonèl kote nenpòt moun kapab leve yon jou, jwenn yon anblèm politik epi prezante tèt li kòm kandida san okenn pwosesis ki montre li vrèman pare pou responsablite sa a.

Se la youn nan pi gwo feblès sistèm politik ayisyen an parèt. Nou souvan wè moun ki pa janm genyen okenn istwa nan yon òganizasyon politik, ki pa janm patisipe nan okenn refleksyon serye sou kestyon Leta, ki pa janm devlope yon pozisyon klè sou ekonomi, sekirite, edikasyon oswa diplomasi, epi yon jou, tou senpleman paske eleksyon ap pwoche, yo parèt kòm kandida. Yo chèche yon pati, yon estrikti oswa yon anblèm pou legalize prezans yo nan kous la. Men kestyon an rete poze: èske pati a fòme kandida a, oswa èske kandida a itilize pati a sèlman pou rive sou bilten vòt la? Paske se yon gwo diferans. Nan yon demokrasi ki solid, yon pati politik pa ta dwe yon senp etikèt elektoral. Li ta dwe yon espas kote moun aprann politik, kote yo konprann fonksyon enstitisyon yo, kote yo devlope yon vizyon, kote yo aprann travay kolektivman epi kote yo prepare tèt yo pou responsablite piblik. Lè pati politik yo pa jwe wòl sa a, peyi a riske pwodwi kandida ki konnen kijan pou yo fè kanpay, men ki pa konnen kijan pou yo dirije.

Nou pa di yon moun dwe pase tout lavi li nan yon pati politik pou li kapab sèvi peyi li. Sa pa kestyon an. Gen sitwayen endepandan ki kapab genyen gwo konpetans, eksperyans ak kapasite pou sèvi Leta. Men, nenpòt moun ki mande pou dirije yon kominote, yon vil, yon depatman oswa yon peyi dwe kapab pwouve li konprann responsablite li ap mande a. Yon moun pa kapab mande pou l vin majistra epi li pa konnen ki sa administrasyon yon vil mande. Li pa kapab mande pou l vin depite epi li pa konprann fonksyon Lasanble a. Li pa kapab mande pou l vin senatè epi li pa konnen responsablite lejislatif li. Li pa kapab mande pou l vin prezidan epi li pa gen okenn vizyon serye sou fason Leta dwe fonksyone. Pouvwa pa yon tit pou mete sou non yon moun. Se yon responsabilite ki gen konsekans sou lavi dè milyon moun.

Men se la nou rive nan yon lòt pwoblèm ki fè anpil dega nan politik ayisyen an: popilarite souvan pran plas konpetans. Yon moun pale byen, li genyen yon gwo foul dèyè li, li fè anpil bri sou rezo sosyal, li konnen kijan pou li touche emosyon popilasyon an, epi sa vin sifi pou anpil moun konsidere li kòm yon lidè. Men yon kestyon nou dwe toujou poze se: apre diskou a, ki pwojè ki rete? Apre aplodisman yo, ki kapasite ki rete? Apre eleksyon an, ki eksperyans ki rete? Paske yon peyi pa dirije ak slogan. Yon kriz sekirite pa rezoud ak pawòl. Yon ekonomi pa mache ak pwomès. Yon Leta pa fonksyone ak popilarite. Nan moman kote yon kandida mande pouvwa, li dwe kapab montre plis pase yon bèl diskou. Li dwe montre yon pwojè, yon ekip, yon metòd ak yon kapasite pou bay rezilta.

Sa ki pi grav toujou, se lè moun ki rive sou pouvwa san okenn baz politik oswa ideyolojik vin aprann politik apre yo fin jwenn pouvwa a. Yo antre nan sistèm nan san yo pa vrèman konnen règ jwèt la, san estrikti ki kapab soutni yo, san yon ekip ki gen menm vizyon ak yo. Lè yo rive anfas reyalite pouvwa a, yo kòmanse chèche alyans pou yo siviv, yo fè konpwomi pou yo rete, yo adapte yo ak sistèm nan pou yo konsève pozisyon yo. Se konsa moun ki te prezante tèt li kòm yon ajan chanjman kapab, kèk tan apre, vin tounen yon pwodwi sistèm nan menm. Se sa ki eksplike poukisa anpil sitwayen toujou santi yo twonpe apre eleksyon. Yo te vote pou yon diskou, men yo jwenn yon lòt pratik. Yo te kwè nan yon chanjman, men yo wè menm metòd yo kontinye. Yo te espere yon nouvo politik, men se menm sistèm nan ki kontinye fonksyone.

Jodi a, nou dwe sispann mande sèlman kiyès ki kandida. Nou dwe mande poukisa li kandida. Ki sa ki prepare li? Ki sa li deja reyalize? Ki vizyon li genyen pou peyi a? Ki moun ki bò kote li? Ki enterè ki kapab enfliyanse li? Ki alyans li genyen? Èske aksyon li koresponn ak diskou li? Elektè a pa dwe kite yon bèl pawòl, yon relasyon pèsonèl oswa yon popilarite pasajè deside avni peyi a. Li dwe egzamine kandida a tankou yon moun ki pral resevwa yon gwo responsabilite. Paske se egzakteman sa kandida a ap mande: pouvwa sou enstitisyon ki konsène lavi tout moun.

Se poutèt sa kestyon eleksyon an ann Ayiti pa dwe limite ak dat, kalandriye ak kantite kandida. Nou dwe pale sou kalite klas politik n ap prepare. Nou dwe pale sou fòmasyon. Nou dwe pale sou ideyoloji. Nou dwe pale sou kapasite. Nou dwe pale sou responsabilite. Paske nou pa kapab kontinye chanje figi epi espere sistèm nan ap chanje poukont li. Nou pa kapab kontinye mete moun nan tèt enstitisyon yo san nou pa kestyonnen kapasite yo, epi apre sa mande poukisa enstitisyon yo pa mache. Nou pa kapab kontinye vote sou emosyon epi apre sa plenyen sou rezilta yo.

Ayiti bezwen plis pase kandida. Li bezwen moun ki prepare pou dirije. Li bezwen pati politik ki fòme militan yo olye yo sèlman distribye anblèm. Li bezwen elektè ki egzije prèv olye yo satisfè ak pwomès. Li bezwen yon klas politik ki konprann ke sèvis piblik pa yon rekonpans, men yon devwa. Paske peyi a pa yon espas kote moun ta dwe aprann dirije apre yo fin pran pouvwa. Nou deja peye twò chè pou eksperyans sa a. Si nou vle jwenn yon lòt rezilta, fòk nou sispann repete menm chwa yo. Se pa nenpòt moun ki vle pouvwa ki dwe jwenn li. Se moun ki kapab montre li pare pou sèvi, li konprann responsablite li epi li kapab rann kont devan pèp la. Se la refleksyon nou dwe kòmanse, si nou vrèman vle kestyon eleksyon an sèvi peyi a olye li kontinye repwodui menm kriz politik yo.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar