Federasyon plantè bas plèn Gonayiv la (FEPPIGO) rankontre ak laprès Madi 11 Oktòb pase a nan lide fè popilasyon ayisyèn nan konnen yo pèdi tout rekòt yo pandan peyi lòk la.

Robert saint- Paul kise prezidan federasyon plantè ba plèn Gonayiv (FEPPIGO) deklare, peyizan plantè yo ajenou akoz tout sa yo te pwodwi kite kapab fè yo rantre lajan pou pran swen fanmiy yo ak pitit yo rive gate akoz pa gen aksè wout pou yo kapab al vann yo nan mache yo.Nimewo en Federasyon FEPPIGO a Robert Saint -Paul mande ak Moun kap dirije peyi a prese/prese pou rezoud kriz sa ki lakoz sektè peyizan/plantè lage 2 bra balanse pandan 2 mwa andedan peyi a pandanl swete manifestan yo sitou ak moun k ap jere barikad yo pou pa bloke wout la nan jou mache yo kap pèmèt machin yo jwenn espas poul vann Danre Agrikòl yo nan mache yo sitou nan mache opoto a ki twouvel nan 4èm seksyon kominal poto ki sou komin gonayiv ki desèvi divès lòt depatman andedan peyi a.

Pilwen Prezidan Robert Saint Paul deklare, sevre apati 15 novanm kanpay ap kòmanse nan plèn Gonayiv men jiskaprezan okenn preparasyon poko fèt bò kote responsab yo nan ministè Agrikilti.M Saint- Paul di pèdi yon kanpay pwa nan plèn Gonayiv se pèdi pigwo kanpay nan ba plèn nan pandan ane a.Reprezantan peyizan plantè yo pwofite pou di, si Premye Minis Ariel Henry paka pran responsabilitel pou rezoud pwoblèm pèp la ap konnen se poul lage pyel paske popilasyon an paka sipòte sitiyasyon difisil sa yo ankò. Pozel kesyon, kòman eta kanal yo ye? prezidan Federasyon plantè ba plèn Gonayiv la Robert Saint- Paul reponn poul di; kanal yo twouvel yo nan yon eta kritik paske yo gen 10 lane depi yo pa netwaye sitou pwensipal yo. Li fè konnen, pafwa se responsab Asosyasyon irigan yo ki mete tèt yo ansanm pou netwaye kanal segondè yo men kanta pou leta anyen pa janm rive fèt.

Dérilen Ferdinand, yon plantè k ap travay latè nan bas plèn Gonayiv la deklare, y ap fè fas ak gwo pwoblèm nan sektè agrikòl la, kote yo pa jwenn okenn ankadreman teknik bò kote otorite yo ki responsab sektè Agrikòl la.

Agrikiltè Ferdinand di sevre li pwodwi divès kalite kilti men yo pa gen bon materyèl pou te ka pibyen eksplwate sòl la. Li fè konnen, peyi lòk la fè yo pèdi anpil rekòt, ki selon plantè Ferdinand lage yo 2 bwa balanse. Mesye Dérilen Ferdinand di sèl fason pou yo kapab reprann jarèt yo nan sektè agrikòl la se demisyone pou Pm Defakto Ariel Henry demisyone nan tèt pouvwa a. pilwen peyizan Dérilen Deklare se lesyèl pado yap monte pou laboure tè yo ak bèf senmichèl yo sepandan Chak lè sezon yo rive Biwo Direksyon Depatmantal ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral (MARNDR/DDA-A)toujou voye Traktè Agrikòl pou al laboure tè peyizan yo ak Yon pri derizwa.

Nap siyale,genyen 28 ponp asistèm solè kite enstale sou ansyen prezidan asasine Jovenel Moïse kontinye ap bay peyizan plantè dlo pou pwodwi divès kalite kilti nan bas plèn Gonayiv ki twouvel nan premyè seksyon kominal pontamarin komin Gonayiv pandan plizyè mwa.

Israël CEDIEU ,Gonayiv, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841