FOKIS pa wè ak bon je mouvman peyi lòk Ayiti a

Dirijan Fòs Konbit Inisyativ sitwayèn (FOKIS) nan Gonayiv rankontre ak laprès vandredi 21 Oktòb 2022 a, nan lide pou yo kapab fikse pozisyon yo sou sa kap pase nan peyi a. Sitou mouvman lòk la ki kreye gwo problèm.

Mme Clarthe Larrieux kise kòdonatris adjwent Fòs Konbit Inisyativ sitwayèn (FOKIS ) nan entèvansyonl kritike fason Moun ki dèyè barikad yo nan Mouvman Leve kanpe yo kap fèt nan tout peyi a pou mande depa Premye Minis Defakto Ariel Henry sou pouvwa a konpote yo yon lòt fason. Kodonatris ajwent FOKIS la fè konnen, barikad yo pa dwe anpeche Moun ale pran swen lopital ni bloke ti machann k ap soti nan seksyon kominal yo k ap vin mennen aktivite yo nan vil la. Mme Larrieux kontinye pou di se de machann sa yo moun nan vil yo viv. Dirijan FOKIS la di jan de barikad sa yo pa bon ditou e se plis pèt yo fè moun ki prete kòb labank, nan kès popilè yo fè sepandan, moun sa yo ki pèdi lajan sa ap ranbouse lajan sa yo ak tout benefis la nan bank yo.Mme Clarthe Larrieux mande ak moun sa yo pou resezi yo nan jan de pratik sa yo pou evite twòp pèt paske yon Moun paka lakay li poul paka alèz pou soti ale vakye ak aktivite li akoz moun k ap jere barikad sa yo awogan.

Bò kote,Mr Tcharly saintil,1è konseye konsiltatif Fokis la kondane piyaj ak zak kraze brize k ap fèt nan biznis moun yo nan peyi a espesyalman nan site endepandans lan. Li di se vre bagay ekstrèmeman difisil pou anpil moun men yo pa gen okenn dwa pou yo nan rantre nan jan de aksyon malonèt sa yo .M saintil deklare, jounen Jodi a anpil moun vle fè biznis men parapò a jan de aksyon sa yo k ap poze nan sosyete a lage gwo laperèz lakay jèn sa yo pou yo ta envesti nan fè biznis andedan peyi a paske nan kad mouvman Manifestasyon yo, yon moun kite batay anpil pou fè yon biznis pou yon rezon ou pou yon lòt yo kraze, brile ak piye biznis lan. Li fè konnen, FOKIS denonse zak sa yo padanl swete popilasyon an vann peyi a yon lòt imaj paske depi nan lane 86 bagay sa yo ap repete li pa pote okenn rezilta men nan plèn venteyinyèm syèk sa nou dwe dote peyi a yon lòt batay nan yon priz konsyans k ap pèmet tout pitit peyia vin envesti san kè sote.

Noelcy Adeclat Delege FOKIS nan entèvansyonl denonse moun k ap ransone timachann, jèn sosyo pwofesyonèl yo nan ba yo presyon ak zam pou ba yo lajan pou fè yo pase nan kad Mouvman Manifestasyon yo. Noelcy Adeclat deklare, ata anbilans ki pote maladi pa epanye anba men Moun ki di y ap jere barikad yo ki deja lakoz yon fi gwo vant kite gen doulè pèdi lavil akoz yo pat vle bay machin nan pase nan yon enpas ki te chaje ak boutèy, wòch fil fè,frenn, kouto epi zam pou anpeche yo pase ak fi pou pran wout lopital poul te ka al akouche.
M.Noelcy Adeclat di li pa nòmal pou jan de bagay sa yo ap repete nan sosyete a kap gen gwo konsekans sou avni jènès la. Delege Noëlcy deklare, jan de pratik sa yo pa mache, kote jounen jodi a yon moun prèske paka pale ak yon timoun 10 zan akoz li gen zam.

Pilwen ,Delege FOKIS la mande ak tout Moun ki swadizan di y ap batay nan tout vil pwovens yo pou dekouke Premye Minis Defakto Ariel Henry nan tèt Primati a dwe fè yon sèl pou monte potopwens pou yal pran Doktè Ariel Henry nan kad yon gwo mouvman ki dwe pote non» mache sou potopwens»akoz barikad la pa pote okenn fwi nan vil pwovens yo pandan plizyè sèmèn.

Berlins Belande Kersaint 2èm konseye konsiltatif Fòs Konbit Inisyativ sitwayèn (Fokis) kritike desizyon Premye Minis Defakto Ariel Henry pran ki déjà pibliye nan jounal lemonitè pou fè solda Ameriken vin pile tè papa Desalin nan .Pwofesè Kersaint deklare, nou fè eksperyans ak entèvansyon fòs militè ki anba kouvèti l’ONU nan peyi a deja,se plis vyòl, piyaj ak maladi yo kite pou popilasyon ayisyèn nan, savledi peyi enperyalis sa yi pa vle pou peyi Dayiti enstab pou yo kapab vin fè sa yo vle a ki se vini okipe peyi a. Nan sans sa Pwofesè Kersaint fè konnen, Fokis di non a vini solda l’ONU yo, swete pito yon ankadreman total ak lapolis la ak lame a ki jounen jodi a k ap fè anpil jèfò pou demantle bandi yo ak kidnapè ki pa sispann fè manman ak papa pitit kriye padanl di li pa kont pyès mouvman k ap fèt yo andedan peyi a.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841