Depi aprè enstalasyon ponp pou awoze tè yo nan zòn Mapou Chevalye, nan Baplèn Gonayiv, peyizan plantè yo pa janm ka jwenn lapè yo swit ak yon rezo vòlè ki pa sispann vòlè pano solèy yo. Pandan 4 fwa volè atake ponp 4-7 mapou chevalye ki nan zòn 2 épi pote ale 19 Pano solèy. Pou yon 5 kyèm fwa nan lannwit jedi pou louvri vandredi rezo vòlè yo atake ponp F1 zòn 3 Belanje e yo pran 9 pano solèy. E se menm jounen vandredi 11 novanm 2022 a peyizan plantè nan Baplèn Gonayiv rive met lapat sou yon endividi ki rele Odinel Joseph yo kenbe nan vòlè pano epi mete dife sou li tou vivan.

Lerzier Francy, Prezidan Asosyasyon irigan zòn 3 (AIZ3)ki t ap pale ak laprès deklare, depi lè ponp sa yo fin enstale , moun yo pa rive idantifye pote ale pandan 4 fwa ladan. Prezidan AIZ3 fè fèkonnen lannwit jedi 10 pou louvri Vandredi 11 Novan 2022 a menm volè sa yo ale atake ponp F1 nan zòn 3 belanje epi pote ale 9 Pano solèy kote yo rive poze lapat sou yonn nan vòlè yo kise Joseph Odinel kite gen nan men li 9 Pano solèy ke li pran nan ponp F1 k ap desèvi plizyè santèn peyizan /plantè kap travay latè. Lerzier Francy di pandan yo tap pozel kesyon, li fè konnen se yon rezo ki genyen 4 nèg nan zòn mapou ki ladanl pami yo yon mekanisyen ki rete nan pye pon mapou a ki toujou pretel kle pou devise pano solèy yo poul kapab pote bay yon sèten Renaud ki gen biznis li bò Plas Gonayiv la ki voyel vin pran nan Pano solèy sa yo .Selon Prezidan Asosyasyon irigan zòn 3 (AIZ3)se gras ak brigad vigilans yo mete kanpe nan zòn 3 ki pèmèt yo rive kenbe volè sa epi voyel ale nan peyi san chapo e lapolis arete mekanisyen an ki trouvel nan gadavi komisarya Gonayiv la yon fason poul kapab bay rezo ke yo fòme pou dechèpiye Pano solèy yo nan ponp irigasyon yo.

Pilwen Lerzier Francy deklare remèshe Direktè Depatmantal Biwo ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan latibonit Ing Agr Renaud Géné li di ki solidè ak yo nan dosye sa, ki li menm te batay anpil pou yo te kapab jwenn gwo sistèm sa. Prezidan asosyasyon irigan zòn 3 a kontinye poul di Pano ki volè nan plèn nan se ak gwo chabrak volè yo vann yo nan site endepandans lan, se poutèt sa jounen jodi a yo voye yon sinyal klè bay volè yo pou di yo ke yo pap dòmi , kèlkeswa moun yo ta kontre nan perimèt kote Pano yo enstale a y ap touyel paske genyen gwo Politik ki kache dèyè dosye sa ki pa vle yo soti nan chomaj ak mizè alòske y ap pwodwi tout kalite manje pou pran swen tèt yo ak fanmi yo. Li mande ak tout plantè pou file koulin ak machèt yo e si yo pa genyen lap ede yo achte nan lide pou yo ka kontrekare malfwa yo parapò ak fason jistis la vin koronpi nan peyi dayiti espesyalman nan vil Gonayiv.

Sou bò pal, Charlemagne JOSEPH, Prezidan asosyasyon irigan zòn 2, nan entèvansyonl fè konnen, volè pote ale nan zòn lap dirije a kise Dolan 19 Pano solè nan ponp 4-7 pandan 4 fwa.charlemagne Joseph di rès pano sa yo ki rete a,se gras ak anpil travay li di yo fè pou soude fè sou yo ak spray pou make épi pentire Pano yo ki fè vòlè pa fin pran rès Pano Sila yo ki nan ponp santral 4-7 mapou chevalye a.prezidan Asosyasyon irigan zòn 2 a deklare,Malgre yo reyalize gwo travay pou pibyen sekirize Pano yo men sa pa anpeche vòlè yo vin nan ponp la pou yo wè si yo ka pran Pano yo men se gras ak moun ki nan zòn nan ki toujou tande bri epi ki pati dèyè yo ki pèmèt yo genyen rès pano sa yo .

M.charlemagne JOSEPH pilwen fè konnen, ponp yo se sèl mwayen yo genyen pou fè yo antre lajan paske yo p ap achte gaz depi solèy la leve yo jwenn dlo pou fè jaden. Nan sans sa li di yo pran desizyon pou yo pa kite pèson moun vin kraze gwo sistèm sa ansyen prezidan Jovenel Moïse te ba yo paske yo konnen , yo nan gwo batay ak sektè prive a ki pa vle yo pwodwi lakay akoz y ap achte manje pèpè ki soti aletranje pou vin vann nan peyi dayiti. Nimewo en (1) Aiz2 a di , nan moman sa , yo pa nan jwèt ak pèson, si yon moun vle retire manje nan bouch yo ebyen depi yo rankontre ak yon moun k ap vòlè pano ponp yo. y ap retire tèt li kòm sadwa.

Robert Saint Paul, prezidan Federasyon plantè irigan bas plèn Gonayiv (FEPPIGO)ki te prezan nan okazyon an fè konnen, sak pase a yo pat vlel rive men depi gen tire fòk gen blese.
Nimewo en Federasyon FEPPIGO a di malgre tout travay sansibilizasyon yo fè, mete brigad vigilans pou anpeche vòlè kontinye pran pano solèy yo, sa pa rive frennen. Robert saint Paul deklare sevre li tris anpil pou sak rive a men fòk genyen yon egzanp trase pou evite Pano yo vòlè nan ponp yo. prezidan FEPPIGO a kwè se 3 lakou mistik yo Kidi non yo fè twòp pèt ki jounen jodi a pèmèt yo kenbe vòlè sa paske yo te nan wout pou koupe lavi peyizan plantè yo nan bas plèn gonayiv la. Nimewo en Federasyon plantè irigan bas plèn Gonayiv la (FEPPIGO) Robert Saint-Paul kontinye pou di popilasyon an deside fwa sa pou demantle tout vòlè k ap fè yo monte lesyèl pado nan sektè Agrikòl la kise sèl sous yo genyen pou pran swen fanmi ak tèt yo. M.Robert Saint- Paul swete Moun ki fè pati rezo volè sa pou chanje paske yo kapab pase menmjan ak Joseph Odinel ki Mouri epi antere nan ponp 4-7 la ki twouvel nan mapou chevalye Gonayiv.

N ap soulinye : JOSEPH Odinel te gen souli 2 badje ak yon akdenesans ki nan men kòdonatè kazèk Premye seksyon kominal pontamaren komin Gonayiv la Yvon Gaston swit ak gwo kolè kite soulve manm popilasyon an.se fim Gri enèji ak chalfekyè kite enstale ponp asistèm solè Sila yo gras ak detèminasyon Direktè Depatmantal Biwo DDA-A nan latibonit Ing Agr Renaud Géné.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841