Aprè deklarasyon konseye Jean Philipe Vixamar sou Radio Kiskeya nan jounal 4 trè mèkredi 5 jwen 2024 la, deklarasyon li fè sou desantralizasyon nouvo PM nan Gary Conille vle fè aplike nan Konsèy prezidansyèl Tranzisyon an, se konsa ansyen Depite komin Marigo a, Déus Deroneth, ki se responsab pati politik Élan Démocratique pour la Majorité (EDEM), prezante yon tablo ki detaye bidjè nasyonal peyi a jan la lwa prevwa l la ki pa janm rive aplike, kote 60% pou leta Santral ak 40% pou kolektivite yo.

Tablo sila prezante an detay kòman repatisyon bidjè nasyonal la ta dwe repati nan tout peyi a pou jwenn yon rezilta Devlopman.

Selon bidjè egzèsis 2023-2024 la ki evalye a Twa san ven sis milya sis san karantsenk milyon (326.645.000.000) swa 100% bidjè a, kote 10% pou depatman yo swa Twa milya desan sis milyon katsansenkant mil (3.206.450.000,00);

14% pa komin swa Twa santsèt milyon katsanswasantsèt mil uisan uit ak vennde santim ( 307.467.808,22); 16% pou seksyon kominal yo swa katreven nèf milyon sis san katreven dis mil nèf san nèf ak nèf santim (89.690.909.09) ak 60% pou Leta santral Pòtoprens lan swa San katreven douz milya Twa san katreven sèt milyon (192.387.000.000)

Pou fini, responsab pati politik EDEM nan kwè, si PM Gary Conille rive fè aplike prensip separasyon bidjè nasyonal 10 depatman an; 146 komin yo ak 576 seksyon kominal yo ap rive Devlope pwòp tèt yo.

Washington Florvil, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841