Depi aprè gouvènman Defakto Ariel Henry a fin soti yon sikilè nan dat 11 novanm pase a pou di lapolis debloke Tèminal Vare, gaz la pral distribye nan tout ponp yo onivo 10 depatman peyi dayiti, plim pa sispann monte sou do divès sektè nan lavi Nasyonal la nan lide pou yo di non pèp la pap ka peyel nan pri chè sa a.Théovar Milfort kise kòdonatè Jeneral estrikti Sosyo- Politik Lavoie des sans voix et Alliés ki te rankontre ak laprès Madi 15 Novanm 2022 a deklare, Popilasyon ayisyèn nan ki vilnerab pa genyen mwayen pou peye pri gouvènman ogmante sou gaz la parapò ak yon latriye pwoblèm li di pèp la ap konnen pandan plizyè lane.

Kòdonatè Lavoie des sans voix et Alliés a Theova Milfort fè konnen, moun sa yo ki nan gouvènman pa genyen okenn lejitimite, fè kòmsi yo pa tande vwa pèp la kap manifeste depi 3 mwa peyi lòk nan lide pou yo di otorite yo non yo pap ka peye gaz la nan pri yo fiksel la. Mr Theova Milfort di bagay sa p ap pase paske Mesyedam sa yo ki pote non dirijan yo pa gen anyen y ap regle pou pèp nan tèt peyi a, se pito pouvwa yo yap jere pou fè milyon nan vwayaje monte desann san regle anyen pou pèp la ki pa sispann ap mouri grangou, mizè, Chomaj , ensekirite ak kidnaping andedan peyi a.

PIBLISITE PEYE

Pilwen, nimewo en Lavoie des sans voix et Alliés a Mr Milford fè konnen, menmsi gaz la rive nan ponp yo, responsab ponp gaz sa yo pral nan gwo difikilte pou vann li nan pri chè gouvènman Defakto Ariel Henry a pral afichel la.òm Politik ak sosyal la di rate gaz, bloke vare fè popilasyon an achte galon gaz 4 mil goud se yon fason gouvènman itilize pou mete popilasyon an nan yon difikilte pou ka achte gaz la nan pri chè yo fiksel la. Gaz la se yon pwodwi transvèsal, l ap aji sou pwodwi premye nesesite yo, ekolye yo, inivèsitè yo ak sektè transpò a, sepandan paran yo p ap travay minimòm k ap travay yo pa genyen yon salè nòmal pou reponn ak bezwen fanmiy yo selon Theova Milfort. Devlopmantis La kontinye poul di ,peyi dayiti twouvel nan enpas difisil, kote pèp la pa konnen ak ki sen pou yo adrese yo se paske moun k ap dirije peyi a pa konnen kisa ki yon leta, wòl li ak atribisyonl. Li deklare, nan jou k ap vini la yo, divès òganizasyon ki nan dyaspora ap travay san pran souf sou yon desizyon ki kapab pèmèt van vire pou peyi a kapab debarasel ak dirijan enkonpetan sa yo ki pran pouvwa sèlman pou règle zafè yo epi pèp la toujou rete koupi nan kras ,mizè elatriye.

Kodonatè jeneral Lavoie des sans voix et Alliés Theova Milfort kwè liberasyon sa peyi dayiti pral jwenn nan pral pèmèt dyaspora yo vin envesti lakay yo pou vakye ak aktivite yo san okenn pwoblèm paske yo vle genyen yon Ayiti ki gen jistis, sekirite,opòtinite ekonomik pou tout dyaspora k ap vin vakye ak aktivite yo, pase vakans yo epi fè jesyon ak bon reyalizasyon pwojè dirab nan peyi a pandanl mande ak pèp la pou pa pran nan okenn entimidasyon pou bwè desizyon ogmante pri gaz la nan ponp yo men yo dwe pito gonfle fòs yo ak ekip nan dyaspora pou fè echèk ak dirijan kriminèl sa yo k ap fin souse san pèp la.

Nap souligne, jiskaprezan ponp yo nan vil gonayiv poko janm Alimante ak gaz jan gouvènman Defakto a te anonse sa nan yon sikilè kite date 11 Novanm 2022 a kite siyen pa minis Ekonomi ak Finans peyi dayiti a M. Saint -Jean Ricardin.

Israël CEDIEU, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841