Otorite yo nan peyi Lafrans pran gwo desizyon entèdiksyon kont aktivis Kamewounèz la Natalie Yamb, ki p ap antre sou teritwa peyi a. Sou baz yon arete ki te pran nan dat 12 janvye 2022 a, gouvènman fransè a deklare ouvètman « persona non grata » ak madam Yamb, paske yo sispèk l ap travay pou peyi Larisi, nan plede bay manti sou Lafrans pou ti enterè mesken li nan men Moskou. Se sa Radyo Frans Entènasyonal (RFI) anonse ayè dimanch 16 oktòb 2022 a.
Peyi Lafrans enfòme aktivis Kamewounèz la Nathalie Yamb de yon entèdiksyon li genyen pou li antre sou tèritwa peyi a. Nan kad arete sa a ki te pibliye nan dat 12 janvye 2022 a, otorite fransè yo di yo repwoche madam nan de yon konpòtman li gen nan plede chofe dife an Afrik kont fransè yo epi l ap di yon pil vye pawòl manti kont peyi a. Mezi sa yo pran, se nan kad rivalite ki genyen ant peyi Larisi ak Lafrans sou kontinan Afriken an.
Madam Yamb ki gen 53 lane, se youn nan moun ki trè prezan sou rezo sosyal yo depi prèske 15 lane. Men, li pral pran tout elan li gen jodi a, se nan lane 2019 la pandan premye somè ki te fèt ant Larisi ak kontinan Afriken an. Jou sa a, li te sible Lafrans san kache e se depi lè sa a ki tou gen yon diskou pou Lafrik, kont peyi k ap enpoze yo ak sa ki vle enpoze yon nouvo fòm kolonizasyon sou kontinan ki pi ansyen nan mond lan. Nan sans sa a, m’en kisa jounal la deklare: madam Yamb sa a toujou panse kontinan Afriken an se byen prive l.
Madam Yamb gen 200 000 moun k ap swiv li sou Twitter ak YouTube, se yon moun ki jis ap fè pwopagann pou Larisi e li patisipe nan pataje anpil fo enfòmasyon ak piblik la, san okenn dou, tout sa l ap fè yo se pou ti enterè mesken li. L ap ankouraje Afriken yo fè vyolans, toujou pale Lafrans mal, se sa yon depite ki soutni entèdiksyon an, ki rele Thomas Gassilloud fè konnen nan yon deklarasyon.
Selon sa chèchè Maxime Audinet ki se yon espesyalis nan estrateji enfliyans Larisi deklare, Nathalie se yon vrè aktris nan lit ki gen ant Larisi ak Lafrans pou posede Lafrik. Li se yon militan ki reklame tèt li kòm yon moun k ap defann Lafrik, e gras ak pil pozisyon li pren yo kont prezans Lafrans, gen yon rezo nan peyi Larisi ki akapare li.
Dam sa a ki di li se yon Afrikèn, sa pa anpeche li gen yon lòt nasyonalite peyi Laswis tou. E pou batay l ap mennen kont Lafrans yo, li konn ale kache nan peyi li Laswis tou, aprè yo te kouri dèyè l nan peyi Kotdivwa nan fen lane 2019. Gen dokiman ki moutre madam Nathalie fè pati yon gwoup mèsenè peyi Larisi.
Divès refleksyon gran, pansè ak konesè nan Jewopolitik yo ap fèt sou konpòtman peyi sa yo moutre, youn nan metòd tou nèf yo itilize jodi a, se bay sanksyon pasi pale ak sila ki pa dakò mache estrikteman anba lòd yo. Pou yon gè ki eklate ant Larisi ak Ikrèn, sanksyon bonbade Larisi. Juan Guaidó ki pa ka enpoze pa enterim nan peyi Venezyela, sanksyon pi rèd kont P. Nicolas Maduro. Menm Ayiti pa epanye, lidè pati politik pitit Desalin nan Moïse Jean-Charles fè konnen viza li koupe parapò ak oryantasyon politik li. Ka ki pi resan, se aktivis Nathalie Yamb ki resevwa entèdiksyon pou l pa mete pwent pye li nan peyi Lafrans.