*Prezidan Larisi a, Vladimir Poutine, òdone mèkredi 19 oktòb 2022 a, enstorasyon lwa masyal nan kat (4) tèritwa anekse yo*

Administrasyon okipasyon Ris la nan vil Kherson, nan Sid ikrèn, endike jodi mèkredi 19 oktòb 2022 a, l ap evakye vil la, fas ak avanse twoup ikrenyen yo, sepandan administrasyon okipasyon lame Ris la fè konnen y ap konbat sou plas e sesi jiska lamò. Yon lòt kote, Kiev akize Larisi kòm kwa peyi lame Vladimir Poutine nan ap fè abitan vil Kherson yo pè.

Enstorasyon lwa masyal sila konsène kat (4) tèritwa ikrenyen yo : Donteks, Lougansk, Kherson ak Zaporijjia. Vladimir Poutine anonse mezi sila yo pandan yon reyinyon konsèy sekirite peyi Larisi, ki te difize an dirèk sou televizyon. Answit, Kremlen pibliye yon dekrè ki anonse antre an vigè lwa masyal sila nan 4 tèritwa anekse yo a pati jedi 19 oktòb 2022, a minwi.

Kremlin fè konnen tèritwa sa yo te gentan enstore lwa masyal anvan menm ratachman yo ak federasyon Ris la. Sepandan, li nesesè pou fòmalize rejim sila, an fonksyon de lejislasyon Ris la, selon sa dirijan Moscou a fè konnen. Yon lòt kote, lokatè gran Kremlen an jistifye mezi sila lè l afime Kiev derefize negosye ak Moscou epi kontinye bonbade popilasyon sivil la nan divès rejyon. Vladimir Poutine kalifye Zelensky Volodimyr de neo-nazis, k ap itlize ouvètman metòd teworis pandan gè a.

Evakiyasyon sivil yo nan vil Kherson

Otorite okipan yo, anonse nan kòmansman evakiyasyon sivil la, sivil yo ap refijye nan zòn Riv a kote flèv Dniepr nan vil kherson. Divès medya Ris difize plizyè imaj ki montre kote moun yo ap evakiye nan yon Ferrys pou yo travèse Flèv la. Apati jodi a, tout estrikti etatik ki twouve l nan vil Kherson; administrasyon sivil, militè, tout ministè yo, ap deplase nan zòn goch flèv Dniepr ki sitiye l nan vil Kherson deklarasyon Vladimir Saldo, chèf administrasyon okipasyon Ris la, andirèk sou chèn televizyon Rossiya 24.

6 jou evakiyasyon

Evakiyasyon sila ap fèt nan fason metodik. Kidonk, 10 000 moun ap evakiye nan yon jounen pandan 6 jou, selon sa chèf administrasyon okipasyon an fè konnen, Vladimir Saldo presize sivil evakiye yo ap ka ale nan peyi Larisi si yo swete l. Selon ajans près Ria-Novosti, abòne rezo mobil lokal yo te resevwa divès mesaj (sms) ki t ap ensite ak ankouraje yo kite vil la, anvan bonbademan lame ikrenyèn nan.

Jeneral Larisi a Sergueï Sourovikine, responsab operasyon fas ak Ikrèn, afime madi swa sou chèn Rossiya 24, lame Ris la ap asire avan tout bagay evakiyasyon sekirize popilasyon an nan vil Kherson. Kherson kapital administrastif Oblast sitiye l nan Sid peyi Ikrèn, sou okipasyon peyi Larisi swit ak aneksyon Vladimir  Poutine, 2 mars 2022.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

Kredi: RFI

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841