3 lopital an Ayiti ak yon faktori pral resevwa gaz dyezèl ki soti Sendomeng

Yon konpayi ki rele AFA Trading voye yon lèt bay ministè endistri Dominiken 17 Oktòb 2022 a, kote li mande otorizasyon pou ekspòte 20 500 galon gaz dyezèl Ayiti pou ale jwenn 3 lopital ak yon faktori.

Yon deman ki deja apwouve pa otorite nan Repiblik Dominikèn yo. Konpayi a ap genyen pou ekspòte 20 500 galon dizèl an Ayiti selon sa ajans nouvèl Reuters rapòte suivan lèt ke li wè. Pandansetan, gang yo kontinye bloke prensipal tèminal petwòl Ayiti a ki se vare.

Ajans Reuters ki te kontakte Ministè Endistri Dominiken an pou reponn kèk kesyon sou dosye sila, malerezman pat rive reponn. Reuters ki te vle jwenn tou reyaksyon konpayi AFA Trading sou menm dosye a, te tante san siksè.

Sa genyen yon bon bout tan kote peyi Ayiti lòk akoz gouvènman Ariel Henry a te pran desizyon monte gaz la e jis kounye a ki pa janm disponib sou mache a. Lopital, konpayi dlo pa ka fonksyone pandan kolera ap retounen an fòs nan peyi a.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar