Se depi nan anviwon 4è aprè midi vandredi 22 sektanm 2023 a, bandi k ap opere nan Kanaran (Pòtoprens/AYITI) anvayi Sant vil Sodo ki ak 13 kilomèt de Mibalè. Kouri dèyè 2 grenn polisye yo ki te nan komisarya a ak kout bal, chase popilasyon an nan Sant vil Sodo depatman Sant Ayiti, plizyè moun nan popilasyon vil bonè a blese ak bal ap pran swen sou kabann lopital, plis 8 mò selon sous nou. Bandi yo mete dife nan komisarya vil la epi ale ak yon teryòs PNH ki t ap desèvi komisarya komin nan.

Malgre tout «SOS» jounal «Centre à la UNE» ak manb popilasyon an te lanse sou rezo sosyal yo pou mande ranfò polisye Ench ak Mibalè, jiska maten samdi 23 sektanm nan vè 8:30 pa t genyen ranfò lapolis.

N ap fè remake, kout bal sa yo ki pa t sispann chante nan komin nan kanpe depi 11h 48 nan aswè.

Jean Rony, yon sitwayen bandi yo te fizye

Selon divès sous nou genyen nan kèk zòn ki anviwonnen komin ak kèk lòt ki nan sant vil la, bandi yo lave Sodo: Anviwon diznèf (19) moun mouri ak bal, divès lòt blese grav ap pran swen lopital, sou komisarya a boule, yo ale ak machin polisye yo, plizyè biznis gwo kou piti dechèpiye, 2 moto boule, se bilan pwovizwa atak bandi Kanaran yo fè sou komin nan soti vandredi pou rive samdi 23 sektanm 2023 a.

Pi lwen, bandi yo ta desann Sodo ak sèlman 3 machin, alòske yo tounen ak plis pase 10, yo vòlò anpil moto epi yo chaje machin yo ak tout sa yo vòlè tankou telefòn, diri, pwa, bwason elatriye

N ap raple, sa genyen prèske yon lane depi nan konfli Kamicho ak Kamichèl la popilasyon Sodo a te genyen gwo menas anvayisman bandi sou tèt yo nan Sant vil la, malgre sa otorite yo pa t jan pran pyès mezi nesesè. « Tab Konsètasyon Sodo » se youn nan pi gwo avangadis ki te pale plis sou kesyon Badi ki te planifye pou antre Sodo a, malgre sa chèf responsab yo pa t janm poze okenn aksyon konkrè pou anpeche sa.

Ansyen depite Mibalè a, Abel Descolines, senpatize l ak popilasyon an, e montre malgre tout kontak li fè, otorite yo pa reponn li. Pi lwen, li pwofite denonse yon ansyen otorite nan Depatman Sant lan, li di depi 2017 ansyen otorite sa a sèmante se li ki pou genyen kontwòl lapolis nan Depatman an, e se li ki toujou mete Direktè Depatmantal polis yo.

Bandi yo deja kite vil Sodo pou rantre nan baz yo, pandan yo pase pa Titanyen. Pou maten samdi 26 septanm 2023 a, katouch yo te sispann tire. Vil la te kalm, men popilasyon an te toujou sou chòk epi kontinye kouri kite vil la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841