Reyinyon nan Nasyonzini

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an ap oganize yon vòt lendi 02 oktòb 2023 a sou yon rezolisyon ki ta otorize deplwaman yon fòs entènasyonal pandan yon lane, pou ede Ayiti jere zak vyolans gang yo, retabli sekirite, epi oganize eleksyon.

Pwojè rezolisyon an Etazini ekri e Associated Press te gen opotinite wè damdi, byen akeyi òf Kenya fè pou li dirije fòs miltinasyonal la. Li di klèman se p ap yon fòs Nasyonzini e se kontribisyon volontè k ap finanse li.

Rezolisyon an ta otorize fòs la pou yon lane, epi yo ta revize plan an aprè 9 mwa.

Fòs la ta gen dwa apiye operasyon Fòs Polis Nasyonal Ayiti a, ki manke finansman ak resous. Gen sèlman 10,000 polisye aktif nan peyi a, alòske gen plis pase 11 milyon abitan.

Rezolisyon an di fòs la ta ede ogmante kapasite polis lokal la «atravè planifikasyon ak operasyon sipò sekiritè konjwen nan moman lap travay pou kontre gang yo epi amelyore sekirite a an Ayiti.»

Fòs la ta ede tou, sekirize «enfrastrikti kritik ak zon tranzit tankou ayeropò, pò ak entèseksyon kle yo. Gang puisan pran kontwòl kèk otowout kle ke moun sèvi pou ale nan rejyon nò ak sid Ayiti depi kapital la, Pòtoprens. Sa koze dega nan transpòtasyon manje ak lòt pwodui.

Si Konsèy Sekirite a adopte rezolisyon an, sa ta otorize fòs la pou l «adopte mezi dijans e pwovizwa sou baz eksepsyonèl» pou anpeche pèt lavi epi ede lapolis sekirize piblik la.

Lidè misyon an ta oblije enfòme konsèy la sou objektif misyon an, règleman angajman (setadi nan ki sikonstans yo ka tire sou yon moun) bezwen finansye ak lòt kestyon ankò anvan yon deplwaman konplè.

Yon pòt pawòl Premye Minis Ariel Henry di AP li pat o kouran de rezolusyon an ni vòt ki pral fèt la e li di gouvènman Ayisyen pa gen okenn komantè pou kounyea.

Rezolisyon an kondane «zak vyolans kap ogmante, aktivite kriminèl, ak abi dwa moun ak vyolasyon ki minnen lapè, stabilite ak sekirite Ayiti ak rejyon an. Ladann gen kidnapping, zak vyolans seksyèl kont fanm, trafik moun ak migran, asasina, asasina ektra-jidisyè epi kontrebann zam.»

Si Konsèy Sekirite a adopte li, se tap premye fwa yo deplwaye yon fòs an Ayiti depi LONU te apwouve yon misyon stabilizasyon pou Ayiti nan mwad Jyen 2004. Misyon sa a te soulve pale anpil ak kritik akoz yon skandal abi seksyèl ak entwodiksyon kolera. Misyon an te fini nan mwad Oktòb 2017.

Gen kè sote tou vizavi le fèt ke Kenya pwopoze pou dirije misyon an. Kritik fè remake lapolis nan peyi Afrik de Lès a a ap fè fas ak akizasyon kom kwa li toupizi moun, touye moun epi komèt lòt abi.

Rezolisyon an souliyen ke tout moun ki patisipe nan misyon yap pwopoze a dwe pran mezi ki nesesè pou anpeche eksplwatasyon seksyèl ak abi seksyèl epi byen revize dosye tout manm yo. Li mande tou pou yo mennen ankèt san pèdi tan, tou tout akizasyon move konpòtman.

Met sou sa, rezolisyon an lanse avètisman pou di, moun ki patisipe ladann dwe adopte kontwol jestyon dechè nan dlo ak lòt kontwòl anviwonmantal pou anpeche entwodiksyon maladi ki donnen nan dlo tankou kolera.

Li poko klè ki dimansyon fòs la ap genyen si yo apwouve l. Gouvènman Kenya a te pwopoze pou l voye 1,000 polisye. Met sou sa, Jamayik, Bahamas, epi Antigua ak Barbuda pwomèt pou yo kontribye polisye.

Mwa pase a, administrasyon Prezidan Joe Biden te pwomèt pou l dispoze lojistik epi kontribye $100 milyon pou apiye fòs Kenya pral dirije a.

Rezolisyon an fè remake Konsèy Sekirite a gen entansyon enpoze sanksyon adisyonèl kont Jimmy Cherizier ke moun konnen sou non «Barbecue» ki dirije pi gwo alyans gang peyi d Ayiti. Cherizier, yon ansyen polisye, lanse avètisman souvan pou di li pral goumen ak zam kont nempòt ki manm fòs zame a ke yo sipèk komèt abi.

Pwojè rezolisyon an ap soumèt prèske yon lane apre premye minis Ayisyen an ak lòt responsab wo plase gouvènman an te mande kominote entènasyonal la deplwaye tou suit yon fòs zame etranje nan moman gouvènman an redi pou jere zak vyolans gang ki lakoz yo kontwole prèske 80% kapital la.

Ant 1e janvye ak 15 out, gen plis pase 2,400 moun ki pèdi lavi yo an Ayiti. Gen yon lòt 950 yo kidnape epi 902 blese, dapre done pi resan Nasyonzini pibliye. Plis pase 200,000 lòt moun oblije kouri kite kay yo akoz zak vyolans yo e anpil nan moun sa yo ap viv nan abri pwovizwa apre gang yo finn piye kominote yo.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841