Bandi ak gwo zam fann fwa ki soti nan gang 400 mawozo, gang Lanmò San Jou ap dirije, te atake epi boule komisarya Tomazo a. Sa te pase jounen mèkredi 04 oktòb 2023 a. Jiska 7h aswè yo pa t ko gen nouvèl polisye ki te nan komisarya a, men nan pi ta, atravè Lionel Lazarre, Synapoha ta pral konfime tout polisye yo te deja retire kò yo nan espas la.

Kèk jou avan, bandi ki fè pati gang k ap opere nan zòn Kanaran an boule komisarya Onavil la swa samdi 30 septanm 2023 a, aprè fòs lòd yo te fin arete 2 bandi ki fè pati gang sa a. Selon Lionel Lazarre ki se yon sendikalis nan synapoha, tout polisye yo soti vivan nan komisarya a.

Pi lwen, vandredi ki te 22 septanm 2023 a, yon atak ame te fèt sou popilasyon Sodlèz la, kote divès byen detui ak piye. Pami yo Komisarya sant vil la bandi yo te mete dife epi pote ale machin Teryòs polisye yo. Erezman, fòs lòd yo ki gen Ajan SWAT ak BRI, te rive rive rekipere komisarya a depi madi 26 septanm nan, aprè pou yon 2èm fwa malfra yo te tounen pran vil Sodo. Depi madi sa a, Sodo estab.

Nan divès videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, bandi yo avwe se yon misyon yo te genyen pou atake vil Sodo, sitou dènye ame sa a nan komin sodo pa premye tantativ, sa ki te pouse manm popilasyon an te toujou mete yo vijilan, moute brigad ak barikad kont atak band ame yo.

Atak bandi ame yo jounen 22 septanm nan se prèv ki moutre Leta fayi ak misyon l, selon temwayaj divès sitwayen vil Sodo, puiske bandi yo te gentan anonse y ap pran vil la, malerezman leta pa t pare tann yo.

Atak bandi ame yo kont komisarya yo sanble tèt koupe ak yon kanpay kont PNH la. Lè nou konstate majorite zòn nan kapital peyi Ayiti a pa gen komisarya. Soti Matisan, pase pa Gran Ravin, Kafoufèy, Pòtoprens, Site Solèy, Kwadèboukè, Kwadèmisyon, Bon Repo, Kanaran, tout komisarya sa yo disparèt.

Semèn pase a se te tou pa komin Sodo nan depatman sant, kote bandi yo te boule komisarya sa a tou. Nou dwe raple se depi aprè depa MINUSTAH kanpay kont komisarya sa lanse.

  • Komin Pòtòprens pèdi komisarya Matisan, Pòtay Leyogàn, Kafoufèy, Tèt Bèf, La Salin ak Garaj polisye yo nan Aviyasyon.

  • Komin Site Solèy pèdi Mega komisarya kote MINUSTAH te loje, Komisarya Vare 2, Antèn Bouklin, Antèn Douya, Komisariya Divivye. N ap fè remake Site Solèy rete sèlman 3 Antèn polis Kazo, Antèn Renesans ak Antèn E-power.

  • Komin Kwadèboukè rete sèlman 3 tou pòs anba Mòn Kabrit, Bon Repo/Lilavwa ak antèn Marasa.

Li toujou parèt enposib pou rive konprann kòman yon fòs ilegal fè ap pouse do polisye nan komisarya, sou plizyè wo kòmandan PNH la jiskaske bandi nan Pòtoprens moute pouse do polisye Sanon Jean Manoir ak lòt polisye ki te nan komisarya komin Sodo a.

Disparisyon Komisarya nan tout zòn yo, èske se ta plis teritwa entèvansyon bandi yo bezwen oubyen gen yon lòt men kache dèyè sa? Èske atak bandi yo nan komin Sodo lye ak yon kesyon ekonomik osnon se Sodo se zòn estratejik pou yo gen kontwòl depatman sant osnon tout peyi Ayiti ?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841