Pou nou konprann konfli ki genyen ant Izrayèl ak Palestin lan fòk nou retounen nan orijin mouvman Siyonism lan ak kreyasyon Izrayèl .
Men kèk dat kle ke nou dwe konnen nan listwa Izrayèl ak Palestin :
Nan lane 1897 ,Premye kongrè Syonism entènasyonal bay Izrayèl aksè pou rekipere tout tè gran zansèt yo te kite pou juif yo. Mouvman Syonism lan ki fonde pa Théodore Herzl, pral fè tout sa li kapab pou pèmèt pèp juif la etabli fwaye li an Palestin piblikman ak Jiridikman .
Fwaye Juif yo se yon pati politik nasyonalis ke Syonis yo te fonde pou konsève orijinalite pèp juif lan anplis chèche idantifye e pemèt tout juif ki te egzile nan dives peyi nan mond lan retounen lakay yo.
Se vre te deja gen yon gwoup Arab otoktòn ki t ap viv sou tèritwa Palestin lan, Arab sila yo te anba dominasyon Otoman yo … E, se nan moman Syonis yo, ki t ap chèche tè zansèt yo ,vin rive sou tèritwa saa, e se boulvès la kòmanse sou tout rejyon sila.
Syonism se yon doktrin politik Juif ki te an egzil an Ewòp yo te fonde nan volonte pou yo te ka kreye yon Eta Juif .
Nan lane 1917 minis afè etranje Britanik lan Lord Arthur James Balfour deklare: gouvènman anglè a anvizaje li favorab pou gen yon fwaye pèp juif ki tabli kò li nan Palestin. Sa ki ta pral kreye yon mekontantman bò kote Palestinyen yo, puiske yo menm yo pa gen ankenn privilèj pou yo egzèse ni jwi dwa sivil, politik ak relijye yo kontrèman ak Juif yo ki gen lib aksè pou benefisye tout privilèj sa yo.
Sòti 1929 pou rive 1939, anpil afwontman ant Juif ak Arab yo akòz kantite konsiderab Juif ki vin ap grandi pi plis chak jou sou teritwa Palestinyen an.
Sitiyasyon an ki tap vin mangonmen pi plis chak jou, ta pral pouse ekspè onizyen yo chèche mete sou pye yon Plan Pataj.
Nan lane 1947, aprè dezyèm gè mondyal lan, Britanik ki te gen manda pou kolonize Palestin depi nan konferans San Remo a nan lane 1920, ta pral favorize ankò yon dividal migrasyon Juif ki sòti nan peyi Risi, Polòy ak Almay. Ant 1917 a 1948 popilasyon Juif lan sou tèritwa Palestinyen an te sòti nan 10% pou rive 30%. Sa ki ta pral ba yo aksè etabli yon fòs lame juiv, yon estasyon radyo juif, yon Inivèsite Ebrayik, sistèm sante elatriye….
Tout sa yo ta pral leve plim sou do Arab yo. sitiyasyon an vin anvlimen e Britanik yo ki, finalman te vle lave men yo nan sa, ta pral fè apèl a Òganizasyon Nasyonzini … Nan menm ane 1947 saa ONU adopte yon plan pou pataje Palestin an 2 Eta Endepandan :Yon eta Juif ki okipe 56% nan sipèfisi Palestin kote Juif yo reprezante sèlman 32% nan popilasyon an e yo jwenn sipò UE ak URSS, epi yon eta Arab ki ki reprezante 44% nan sipèfisi Palestin lan. sepandan, Jerizalèm ak lòt zòn Sen yo rete sou kontwòl rejim entènasyonal.
Nan dat 14 me 1948 , Ofisyèlman Grand Bretay sispann kolonize Palestin. E se nan menm moman David Ben Gourion ki te prezidan konsèy Nasyonal Juif lan pwoklame endepandans eta Izrayèl. Sa ki bay dwa a nenpòt Juif pou enstale lib e libè nan peyi a. E ,Premye gè Izrayèl-Arab kòmanse nan demen menm aprè pwoklamasyon an. Gè saa ta pral pran fen jis nan lane 1967 aprè delimitasyon yon liy fontalyè ki separe Izrayèl ak Palestin .
Nan lane 1967, nan batay ki te rele Gè 6 Jou a, Izrayèl ta pral rekipere pòsyon tè sa yo nan men palestin: Jerizalèm -Ès, Si-Jòdani, Band Gaza,Golan Siryen ak Sinayi. Laa se prèske tout Palestin nèt ke Izrayelit yo okipe. Sa ta pral pouse plis pase 1.3 milyon Palestinyen pran egzil .Yon lòt gè ankò ant Izrayèl ak tout yon kowalisyon peyi arab yo ki te gen nan tèt li Ejip ak Siri ,gè saa te rele « Guerre du Kippour. »
15 novanm 1988,Konsèy Nasyonal Palestinyen pwoklame Palestin yon Eta Endepandan . Sepandan nan lane 2011, UNESCO rekonèt Palestin kòm yon òganizasyon . Nan lane 2017, gen 136 sou 193 peyi manm ONU yo, swa 70,5%, ki rekonèt Palestin kòm yon peyi lib e endepandan.
Enfòmasyion sou vil Jerizalèm
Jerizalèm se yon vil pwòch Oryan ki sou dominasyon Izrayèl e ki okipe yon plas santral nan koze Relijyon Juif,Kretyen ak Mizilman. De manyè ofisyez yo konsidere li kòm Kapital Izrayèl pandan se tan Palestin reklame li kòm teritwa pa li.
Vil Jerizalèm etann li sou yon sipèfisi 126 km2 ki okipe pa yon popilasyon de 966 346 abitan (janvye 2022).
Vil sila konpoze ak 4 katye : yon katye Mizilman, yon katye Ameyen, yon katye kretyen enpi yon katye Juif. Vil lan plase nan yon wotè 800 mèt altitid e yon distans 52 km pou Mediterane e 22km ak lanmè mòt.
Depi Hamas fin atake Israel 7 oktòb pase a, divès evènman pa sispann atire atansyon mond lan sou teritwa sa yo nan zòn Mwayen-Oryan an
Fragile Florince, Centre à la UNE !