Jan sa te anonse a, gouvènman premye minis Ayisyen an Gary Conille, enstale mèkredi 12 jen 2024 la nan Vila Dakèy. Premye minis la deklare « transparans ak sekirite » se priyorite gouvènman li a.

Seremoni an te deroule devan manb kò group yo, reprezantan divès sektè ak senpatizan aktè politik yo ki nan konsèy prezidansyèl ak manb gouvènman an.

Prezidan konsèy la Edgard Leblanc Fils ki te pran lapawòl te profite remèsye moun ki fè sakrifis pou vin sèvi peyi a atravè gouvènman provizwa a pandan li te profite raple manb gouvènman an gran chantye ki ap tann yo nan yon tan kout tankou: sekirite, refòm konstitisyonèl, redresman ekonomik, eleksyon…

Premye minis Garry Conille li menm nan diskou li ki te yon diskou ransanbleman te fè konnen pa genyen plas nan gouvènman li an divizyon ak chirepit. Li mande minis yo pou yo aji an moun Leta nan tèt kole pou yo pote rezilta popilasyon an espere a. Pilwen li fè konnen gouvènman li an pral batay kont koripsyon epi pou chak grenn goud ki depans pou sa fèt nan transparans. Li di tou li pral fè sa li kapab pou mete sekirite nan peyi a pandan yo pral ranfòse kapasite operzsyonèl fòs lòd yo nan peyi a ak sipò fòs miltinayonal la.

Arete ki nome gouvènnan Garry Conille an te soti madi 11 jen 2024 la. Selon atik 1e arete sila, men ansanm sitwayen ki nome yo : Garry Conille, Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal, Carlos Hercule: Minis Jistis ak Sekirite Piblik, Dominique Dupuy: Minis Zafè Etranjè, Kilt yo, ak Ayisyen k ap viv aletranje, Ketleen Florestal: Minis Ekonomi ak Finans, epi Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn, Vernet Joseph: Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak devlopman Riral, Raphaël Hosty: Minis Travo Publics, Transpò ak Kominikasyon, James Monazard: Minis Komès ak Endistri epi Minis Touris, Moïse Jean-Pierre Fils: Minis Anvironman, Antoine Augustin: Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl epi Minis Kilti ak Kominikasyon, Georges Wilbert Franck: Minis Afè Sosyal ak Travay, Georges Fils Brignol: Minis Sante Piblik ak Popilasyon, Marie Françoise Suzan: Minis Kondisyon Feminen ak Dwa Fanm, Niola Lynn Sarah Devalis Octavius: Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik, Jean Marc Berthier Antoine: Minis Defans.

Akò 30 out 2021 ki se Montana; Kolektif 30 janvye 2023, Akò 21 desanm 2022, Fanmi Lavalas, Platfòm Rezistans Demokratik (RED/EDE) ak gwoupman politik Konpwomi Istorik la, Pati Pitit Desalin ak Sektè Prive a. Genyen tou de (2) obsèvatè san dwa vòt Sosyete Sivil la ak REN deziye. Se ansanm estrikti sa yo ki te travay pou mete gouvènman tranzisyon sila sou pye ak entènasyonal la.

Konsèy Prezidansyèl la lan gen yon manda de dizwit (18) a vennkat (24) mwa pou pi plis tan. Manm yo pa kapab kandida pou okenn pòs nan eleksyon y ap genyen pou òganize yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....