Yon imaj konn pale plis pase yon milyon mo. Imaj sa a, ki konpare egalite ak ekite, se yon gwo leson pou sosyete nou jodi a. Li montre nou diferans ant bay menm bagay pou tout moun ak bay chak moun sa yo bezwen pou yo reyisi.
Anpil fwa, nan sosyete nou, nou konsantre sou egalite: fè tout moun jwenn menm opòtinite, menm resous, menm zouti. Men, pwoblèm lan se pa tout moun kòmanse nan menm pozisyon. Gen kèk moun ki nan dezavantaj depi nan kòmansman akòz povrete, diskriminasyon, oubyen lòt baryè. Si nou ba yo menm bagay ak lòt moun, èske sa vrèman ede yo rive kote yo dwe ye?
Ekite, pa bò kote pa li, se yon apwòch ki rekonèt reyalite sa yo. Li vle di nou dwe gade bezwen espesifik chak moun epi reponn ak solisyon ki adapte ak sitiyasyon yo. Se sèlman lè nou fè sa, nou ka bati yon sosyete kote tout moun gen menm chans pou reyisi.
An Ayiti, anpil timoun pa ka ale lekòl, pa gen aksè ak swen sante, oubyen pa gen manje chak jou. Nou pa ka jis « bay tout moun menm bagay » epi espere rezilta a ap chanje. Nou bezwen priyorize moun ki pi bezwen yo, mete resous yo kote yo pi nesesè, epi bati yon sistèm ki bay tout moun opòtinite pou yo reyalize potansyèl yo.
Nou dwe mande tèt nou: èske nou vle yon sosyete ki jis oswa yon sosyete ki sanble jis nan aparans? Paske diferans ant egalite ak ekite, se diferans ant aparans ak reyalite.
Se sou sa nou dwe reflechi pandan nap travay pou yon Ayiti pi solid, pi ini, ak pi jis.
Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE !