Ayiti ap travèse youn nan pi move moman nan listwa resan li. Apre trajedi ki te rive nan Lopital Jeneral, pèp la t ap tann yon repons klè ak konkrè nan men otorite yo, men sa yo jwenn pito, se dezilizyon. CSPN (Konsèy Siperyè Lapolis Nasyonal la) pa pran okenn aksyon reyèl. Yo kontante yo ak fè kominike pou kondane sitiyasyon an, san okenn mezi serye ki montre yon angajman pou pwoteje pèp la.
Depi lè sa, sa nou remake, se yon chanjman nan tèt Ministè Sante a, men moun yo mete an plas la deja gen non l site nan trajedi sa kòm Minis Jistis. Pi grav toujou, korespondans Minis Sante a te voye depi 16 desanm pou mande sekirize Lopital la pa jwenn okenn repons. Sa montre yon dezòd administratif grav ki kontinye mete lavi popilasyon an an danje.
Pandan tout tan sa yo, pèp la ap soufri. Lari yo pa an sekirite, enstitisyon piblik yo tonbe, epi otorite yo fèmen je yo. Men, pandan sa, gouvènman an depanse plis pase 180 milyon goud chak mwa pou « ransèyman. » Kesyon an poze : si lajan sa yo pa sèvi pou pwoteje pèp la, kisa yo fè ak li? Kiyès k ap benefisye de resous sa yo pandan pèp la abandone?
Ayiti, yon peyi rezistan, yon peyi ki toujou leve kanpe, ap viv yon moman kote pasyans pèp la rive nan limit li. Otorite yo dwe konprann yo pap ka kontinye gouvène ak mo vid ak pwomès san sans. Konfyans pèp la kraze, epi se sèlman aksyon ki klè, solid ak transparan ki ka kòmanse reyini nasyon an ankò.
Nan Centre à la Une, nou fè chwa pou nou pa fèmen je nou sou enjisitis sa yo. Nou lanse yon apèl pou konsyans tout moun leve. Responsabilite chanje Ayiti a chita sou zepòl nou tout. Avni peyi a an danje, e li enpòtan pou nou tout goumen pou jistis, sekirite ak diyite. Lè a rive pou tout otorite yo pran responsablite yo. Nou pap tann ankò.
Jean Launy Avril
Editoryalis Centre à la Une