Ayè, 1ye janvye, nou selebre 221 lane depi Ayiti te fè istwa kòm premye repiblik nwa endepandan nan mond lan. Dat sa a raple nou sakrifis ak kouraj zansèt nou yo, ki te kanpe kont sistèm esklavaj ak kolonizasyon pou chache libète ak diyite pou tout moun. Viktwa istorik 1804 la pa t sèlman yon libète pou Ayiti, men li te yon sous enspirasyon pou pèp oprese atravè lemond.

Men, pandan n ap sonje fyète ak bravè zansèt yo, nou dwe poze tèt nou yon kesyon enpòtan: Kijan rèv libète 1804 la ap viv nan lavi nou jodi a?

Pandan 221 lane sa yo, Ayiti te fè fas ak anpil defi: inegalite, enstabilite politik, pwoblèm ekonomik, ak enpak chanjman klimatik. Malgre tout sa, rèv libète ak souverènte ki te motive revolisyon nou an toujou rete yon sous enspirasyon pou chak Ayisyen. Men, libète sa a dwe toujou akonpaye ak travay kolektif pou konstwi yon peyi ki respekte dwa chak sitwayen li, ki mete edikasyon, sante, ak devlopman dirab nan sant priyorite li yo.

Ane sa a, pandan n ap antre nan yon nouvo epòk, nou dwe chache renouvle angajman nou anvè rèv sa a. Sa vle di fè pwomès pou n travay ansanm, san divizyon, pou yon Ayiti ki reflete vizyon zansèt nou yo: yon peyi kote tout moun kapab viv ak diyite, libète, ak opòtinite.

Ayiti, malgre difikilte li yo, se toujou yon senbòl rezistans ak espwa. Se responsablite nou chak pou n kontinye ekri istwa sa a, pou n sonje pa gen libète san solidarite, san respè youn pou lòt, e san travay kolektif pou avansman kominote nou yo.

Nou dwe sonje ke batay 1804 la pa t jis yon fen, men yon kòmansman. Se pa t sèlman pou kraze chenn esklavaj yo, men tou pou bati yon sosyete ki mete moun nan sant li. Se objektif sa a ki dwe gide chak aksyon nou jodi a.

Pandan nou selebre ak soup joumou nan men, sonje, libète pa janm garanti; li se yon responsabilite ki mande angajman chak jou. Ann onore zansèt nou yo pou kontinye goumen pou yon Ayiti pi jis, pi ini, e pi pwospè.

Viv Ayiti! Viv Libète! Bòn Fèt Endepandans!

Jean Launy Avril,editoryalis, Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar