Depi kèk jou, fòs miltinasyonal la ap debake ann Ayiti ak pwomès pou mete lòd, konbat ensekirite ak reprann kontwòl sou zòn gang yo okipe. Men jiskaprezan, reyalite a pa chanje : gwoup ame yo kontinye kontwole teritwa yo san okenn gwo rezistans.

Kèsyon nou dwe poze se kisa vrèman misyon sa a vle reyalize ? Èske se yon senp demonstrasyon fòs pou voye yon mesaj, oswa se yon premye etap nan yon operasyon pi radikal ki poko fin klè pou pèp la ?

Dimanch 9 fevriye 2025 lan, Centre à la UNE te vizite yon ekip sòlda MSSM nan ki t ap resevwa nouriti espirityèl sou lidèchip yon sè Katolik ki soti Kenya, ki an Ayiti depi 17 ane, te reyini ak fidèl Katolik yo pou lamès nan LSA.

Istwa montre nou ke entèvansyon etranje yo ann Ayiti pa janm bay rezilta dirab. Depi misyon Nasyonzini yo rive jouk lòt operasyon entènasyonal, nou wè kijan yo pa janm ka elimine vyolans la nèt ni mete yon bon jan estabilite nan peyi a. Plis fwa, entèvansyon sa yo plis sèvi enterè lòt nasyon pase rezoud pwoblèm fondamantal pèp ayisyen an.

Jodi a, pandan gang yo toujou kenbe pouvwa yo, pèp ayisyen an ap poze gwo kesyon sou objektif reyèl operasyon sa a. Èske fòs miltinasyonal sa reyèlman vini pou ede peyi a reprann souverènte li, oswa se yon lòt fòm okipasyon ki mete mask sou figi l ?

Jouk kounye a, pèp la pa wè okenn gwo chanjman. Se toujou menm gang yo ki kontwole zòn cho yo, menm ensekirite a ki ap dominen lari yo, epi menm enkyetid la ki ap bouyi nan kè popilasyon an.

Si misyon sa a pa pèmèt Leta reprann otorite li epi mete jistis sou pye, pa gen okenn fòs etranje ki ka rezoud dezòd ki fin ravaje peyi a. Se pa ak zam sèlman nou ka simonte kriz sa a, men ak volonte politik, jistis ak bonjan chanjman estriktirèl pou pèp la kapab rekipere diyite l.

Sadrax ULYSSE,
Editoryalis, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841