Kanaval se youn nan pi gwo evènman kiltirèl ann Ayiti. Chak ane, li rasanble dè milye moun, bay ekonomi lokal la yon souf, epi li pèmèt popilasyon an jwenn yon ti moman lajwa nan mitan tout difikilte li ap viv. Men, ak tout kriz ki genyen nan peyi a – ensekirite, povrete, enstabilite politik – èske li lojik pou konsidere kanaval kòm yon priyorite ?
Minis kilti Ayiti a Patrick Delatour, konfime kanaval nasyonal la ap fèt nan Fòlibète soti 2 pou rive 4 mas 2025 la anba tèm « Ayiti kanpe ». Bidjè kanaval sa a evalye a 300 milyon goud, kote 170 milyon nan fon an prale Fòlibète.
Kanaval la enpòtan pou sosyete a ak ekonomi an
Gen moun ki panse kanaval nesesè, menm lè peyi a ap travèse moman difisil. Yo mete aksan sou plizyè pwen :
1.Yon espas liberasyon sosyal ak sikolojik
Pèp la ap viv ak estrès chak jou : kidnapin, mizè, lavi chè… Kanaval pèmèt yo evakye presyon sa a.
Li bay pèp la opòtinite pou yo eksprime tèt yo atravè mizik, danse, ak pawòl angaje.
2.Yon sous revni pou anpil moun
Kanaval la kreye travay tanporè pou atis, machann, teknisyen, ak anpil lòt moun.
Li pouse ekonomi an, sitou nan vann manje, bwason, ak lòt pwodwi pandan fèt la.
3.Yon eleman inite nasyonal
Kanaval la mete tout kategori moun ansanm : rich, pòv, jèn, granmoun.
Li se yon espas pou atis yo denonse enjistis epi pataje mesaj pou chanjman.
Yon distraksyon pandan peyi a gen pi gwo ijans
Gen lòt moun ki panse kanaval, malgre enpòtans li, pa ka yon priyorite nan sitiyasyon aktyèl la.
1.Yon depans initil lè peyi a gen pi gwo bezwen
Peyi a ap soufri : pa gen sekirite, lavi a twò chè, lekòl ak lopital pa fonksyone byen.
Olye pou lajan ale nan kanaval, li ta pi bon si yo mete li nan edikasyon, lasante, sekirite.
2.Yon zouti manipilasyon politik
Nan listwa nou, nou wè plizyè gouvènman itilize kanaval pou fè pèp la bliye pwoblèm reyèl yo.
Olye pou yo rezoud kriz yo, yo sèvi ak fèt la kòm yon fòm propagann.
3.Yon evènman ki mete lavi moun an danje
Ensekirite a twò grav : gang ap kontwole plizyè zòn, kidnapin ak vyolans ap vale tèren.
Moun ki ta vle patisipe nan kanaval ka viktim, epi sa ka agrave kriz la.
Pa gen dout, kanaval la se yon eritaj kiltirèl enpòtan pou Ayiti. Men, sa pa vle di li dwe pase an premye pandan pèp la ap soufri nan lavi chak jou li. Olye pou nou kontinye fè yon kanaval ki koute chè epi ki pa reponn ak reyalite sosyo-ekonomik nou, pa ta pi bon pou n chanje fason nou fè li ?
Nou ta ka panse yon lòt modèl ki respekte kriz la pandan n ap kenbe eritaj nou an : yon kanaval senbolik, pi modès, oswa menm yon festival ki mete aksan sou refleksyon ak angajman pou chanjman.
Sadrax ULYSSE
Editoryalis, Centre à la Une