Aprè divès pasyan te fin kritike fason sèvis yo ap bay nan lopital Senterèz nan vil Ench, Direktè Jeneral enstitisyon, Dr. Dénold Milsoit pote divès presizyon pou popilasyon an nan kad yon antretyen ak Centre à la UNE jounen vandredi 11 avril 2025 la.

« Lopital sa a ki kontui nan lane 1925 ap fè fas ak anpil difikilte nan sa ki lye ak fonksyonman sèvis yo, malgre prezans leta Ayisyen, Zanmi Lasante ak bidjè entèn espas la ki se 3 pilye majè ki kenbe enstitisyon an anvi. » Se sa doktè a di.

Li kontinye pou di andedan lopital la gen sèvis ki peyan, tankou operasyon yo, frè dosye, sezaryèn, epi gen lòt sèvis ki gratis tankou oksijèn ki te konn koute 3000 goud, men jodi a ki gratis sa fè kèk jou.

Lopital Senterèz Ench

Pou bidjè entèn lopital la, Leta Ayisyen bay yon tarif ki enkli pri tout sèvis yo dwe ye. Se ka pa egzanp 1000 goud pou yon kouch nòmal epi 10 000 goud pou sezaryèn. Responsab la anonse nouvo pri leta Ayisyen mete pou sezaryèn nan se 12.500 goud, ki vle di nan jou k ap vini yo pasyan yo k ap fè sezaryèn ap gen pou peye 12.500 goud olye de 10 000 goud selon tarif leta mete a.

Doktè Milsoit pa ekate posibilite ki genyen pou genyen anpil raketè ki sou tout espas lopital la k ap fè pasyan monte lesyèl pa do nan egzije yo peye sèvis yo nan pri yo pa ye vre. Doktè a pran angajman pou lite epi mete yon fren nan deriv sa yo tankou jan li kòmanse fè sa a selon sa li di.

Pou mye jere pwoblèm rakèt la, responsab la di administrasyon lopital la ap gen pou li pibliye lis pri tout sèvis yo, yon fason pou pasyan an ak tout fanmi li rive gen posiblite pou peye egzakteman frè li dwe peye a.

Doktè a fè konnen frè pasyan an peye a se pou kontribiye sou fon leta Ayisyen ak Zanmi Lasante bay, pou rive peye tout anplwaye yo epi reponn ak tout lòt bezwen kotidyen enstitisyon an.

N ap raple, divès pasyan ki pale ak Centre à la UNE semèn sa a, di « yo mande pou otorite yo nan pi wo nivo leta a, sitou minis sante piblik la, Dr Sinal Bertrand, voye je sou lopital Senterèz nan Ench k ap transfòme tankou yon klinik prive. » Pasyan yo di tout sèvis y ap pran, responsab yo fè yo peye byen chè, menm fanm ansent pa epanye de mezi sa a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841