Plizyè inite espesyalize nan Polis Nasyonal Ayiti a deplwaye Mibalè semèn sa a, nan sousi pou bay ranfò nan depatman Sant, suit avèk atak bandi yo te fè sou popilasyon sivil la nan Sodo ak Mibalè dimanch 29 mas 2025 pase a selon sa responsab yo fè konnen.
Se anba enstriksyon kòmandan kòmandan an chèf polis la, M. Rameau NORMIL, anpil gwo lòd pase ak diferan responsab inite yo, nan objektif pou yo mennen operasyon pou trake bandi yo, epi mete lapè ak serenite nan komin Mibalè, responsab yo pibliye.
Yo kontinye pou di aprè inite espesyalize yo ki te deja prezan sou teren an, gen materyèl wo konmandan PNH la voye bay polisye yo pou fè konba a, yon fason polisye plis efikas pandan operasyon ak entèvansyon polisye yo nan rejyon an.
Pou fini, responsab PNH yo di nan kad dispozitif ki mete an plas, plizyè polisye pozisyone yo nan divès zòn estratejik, pandan y ap pwogrese nan zòn ki sible yo.
N ap raple, atak bandi Viv Ansanm yo nan Sodo ak Mibalè pouse do plizyè dizèn milye sitwayen kouri kite kay yo. Pami moun sa yo, genyen ti bebe, fanm ansent, granmoun ki gen anpil laj, kokobe, enfim, elatriye.
Centre à la UNE