Nan kontèks klasik sosyoloji politik, Max Weber defini pouvwa kòm “kapasite pou enpoze volonte w sou lòt, menm lè gen rezistans.” Tandiske otorite, se “pouvwa ki rekonèt kòm lejitim pa sila li egzèse sou yo.” Se la, Ayiti kraze nèt. Leta, teyorikman, gen otorite. Men sou tè a, gang yo egzèse pouvwa a, epi pèp la soufri toude.

Wout Matisan, ki blije konekte kapital la ak tout rès peyi a, bloke depi 2021. Lè gang mete lawouze lari a, leta pa ka pase. Se pa mank otorite sou papye gen Ministè Enteryè, gen Polis, gen Lame, gen Premye Minis, gen KPT men pa gen okenn nan yo ki ka aji sou teren an. Sa fè gang yo vin gen pouvwa, paske yo ka ale kote yo vle, lè yo vle, jan yo vle.

Yo sòti Pòtoprens, rale tout kolòn zam, traverse plizyè baraj, epi rantre Mibalè ak Sodo, de (2) zòn ki ta dwe gen enpòtans estratejik pou Leta. Epi Leta? Li pa t la. Li pa parèt. Li pa di anyen. Se yon absans ki pa neut. Se yon demisyon.

Lè otorite a mawon, pouvwa a pase bay pi fò

Antonio Gramsci, filozòf Italyen, te pale sou « hegemonie » sa vle di pouvwa pa egziste sèlman atravè zam, men atravè konsantman pèp la. Lè moun pè, lè yo santi pa gen defans, yo sispann kwè nan otorite. Epi yo vin soumèt yo devan sa ki ka pwoteje yo, menm si se pa lalwa.

Se egzakteman sa ki rive ann Ayiti. Gang yo vin “eta paralèl”, paske yo prezan kote Leta pa ye. Yo ka trete, regle, egzekite, panse blese, pèmèt livrezon. Yo gen pi bon kapasite repons pase enstitisyon ofisyèl yo. Sa fè otorite Leta a vin senbolik, sivil, e souvan, fiktiv.

Lè polis la di y ap chache gangye yo epi ak yon distans 60km, pandan bandi yo ap fè parad sou plas piblik Mibalè, se pa sèlman yon echèk operasyonèl, se yon degradasyon total vizyon sou sa ki rele “eta”.

“Pouvwa reyèl la, se sa ki ka kontwole lavi ak lanmò” Achille Mbembe

Filozòf Afriken Achille Mbembe devlope teyori « nécropolitique », kote li esplike ke veritab pouvwa se pa sa lalwa bay, men sa ki ka deside ki moun ki viv, ki moun ki mouri. Sa vle di, gang yo, avèk tout zak krim yo, se yo ki kenbe sa ki pi sakre nan men yo: lavi pèp la. Epi, kòm Leta pa ka anpeche sa, Leta pèdi fonksyon prensipal li.

Lè pouvwa pa jere, li vin tounen laterè

Michel Foucault te di: « Pouvwa pa sèlman egzèse pa enstitisyon. Li sikile. Li egzèse kote li jwenn rezistans fèb. » Jodi a, Ayiti tounen egzanp klasik sa a. Pouvwa gang yo egziste, paske yo pa jwenn baryè, ni fizik, ni moral, ni lejitim.

Si Leta pa ka reponn, pa ka pwoteje, pa ka mete lòd — se pa pouvwa li pèdi sèlman, se konfyans, lejitimitè, e finalman, dwa pou egziste.

Konklizyon e Apèl

Ayiti pa sou kontrol otorite li, men sou kontrol zam ak pètèt neglijans kalkile. Pouvwa pa mete nan bibwon, li mete nan aksyon. Otorite pa rete nan diskou, li egziste lè pèp la santi li pwoteje.

Se pou tout fòs viv yo, sosyete sivil, sektè relijye, sektè popilè, soti nan silans, reprann inisyativ la, epi reprann defi refè otorite a nan kominote a.
Paske si Leta se papye, se nou menm ki gen chimen, kè, ak memwa vivan.

Sitasyon kle:

Max Weber: Pouvwa se kapasite pou enpoze volonte w, otorite se pouvwa rekonèt kòm lejitim.”

Michel Foucault: Pouvwa egzèse kote li jwenn rezistans fèb.”

Achille Mbembe: Se sa ki ka deside sou lavi ak lanmò ki gen pouvwa reyèl la.”

Antonio Gramsci: Lè otorite pèdi konsantman pèp la, dominasyon pa l dire.”

PouvwaSanOtorite #EtaFantom #GangPaGouvènman #CentreALaUneSeVwaPèpLa

Jean Launy AVRIL, kwonik centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841

Laisser un commentaire