Vandredi 2 me 2025 la gouvènman iranyen an fè konnen sanksyon kontinyèl Lèzetazini yo p ap chanje pozisyon Iran, aprè Prezidan ameriken an Donald Trump fin di li p ap aksepte okenn konpwomi, epi menase pou l sanksyone nenpòt peyi oswa moun ki enplike nan acha petwòl Iranyen an.
« Kontinyasyon nan konpòtman ilegal sa yo pa pral chanje pozisyon Iran an ki trè lojik, lejitim, epi ki baze sou lalwa entènasyonal, » se sa Minis afè etranjè Iranyen an, Abbas Araghchi, te di nan yon deklarasyon.
« Sanksyon sa yo te simen gwo dout ak mefyans sou gravite angajman Etazini nan chimen diplomatik la. » Responsab la te kontinye pou li di.
N ap note, sanksyon sa yo vle vini alòske Etazini ak Iran apenn sot chita samdi 19 avril 2025 pase a nan vil Wòm, pou pale sou pwogram nikleyè iranyen an, yon semèn aprè yon premye negosyasyon yo te genyen sou sa. Minis afè Etranjè Iranyen an, Abbas Araghchi, ak anvwaye spesyal ameriken an, Steve Witkoff, pral fè diskisyon sa yo an prezans Omani kom medyatè menm jan ak premye diskisyon yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE