Yon selil jesyon kriz espesyal ki genyen kire pawas Saint-Louis Mibalè, Pè Romel Eustache, kire Pawas Saint-Pierre, Pè Jean Alphonse Jean Philippe, kire pawas Bonsovè Kanj, Pè Kesnel Gracia, misyon Endijèn, pastè Pierre Jean Baptiste (Mothé), Direktè depatmantal adj MENFP, Mèt Diquessi Germain, Ansyen Minis agrikilti a, Joanas GUÉ ak agwonòm Sténio Louis-jeune rankontre laprès jedi 30 Janvye 2025 lan nan lokal prezbitè Saint-Louis pou prezante rapò travay yo ki mennen ak yon angajman kolektif diferan aktè yo nan vil la pou rekole tisi sosyal la nan kominote a pou yon klima apèzman pou byennèt popilasyon an.

Reveran pastè Mothé ki te louvri aktivite a te prezante kontèks nesans selil jesyon kriz la fè konnen se nan lide pou gade kijan pou yo pote kontribisyon pa yo nan kreyasyon yon klima
Apèzman nan Vil Mibalè ak tout plato a. Group moun sa yo konstitye yon selil refleksyon pou yo jwe wòl fasilitatè pou ranfòse dyalòg nan mitan otorite yo ak kèk antite nan sosyete sivil la; group sa gen ladann : Pè Romel, Pastè Mothé, Agr Gué, Mèt Diquessi, Pè Alphonse, Agr Stenio, Pè Gracia. Yo te reyini epi pran inisyativ rankontre plizyè pèsonalite, plizyè otorite ak plizyè estrikti òganize nan vil la. Objektif rankont sa yo se pou chèche konpreyansyon chak antite sa yo épi tou pou gade ak yo Kijan yo ka sipòte yon demach pou retabli lapè nan Vil la fas ak
tout kalite menas ki pandye sou tèt kominote a.

Ansyen Minis agrikilti a Joanas GUÉ ki t ap prezante rapò group la fè kwè rankont sa yo te fèt de fason endividyèl kote yo te chita pale ak tout otorite yo tankou: Doyen Tribinal la, Komisè Polis la, Majistra vil la ak Komisè gouvènman;
ak plizyè estrikti oganize nan sosyete sivil la tankou: ICEMA, FORCE VIVE, MOCEC, REPOSEM. Yo di yo pale tou ak kèk pèsonalite tankou ansyen Depite Abel Descolines.

Men sa selil jesyon kriz la di ki soti klèman nan tout rankont yo :

  1. Problèm nan gen anpil politik ladann ki vin soulve lòt dezakò entèpèsonèl ki te la men ki pat trò deranje.
  2. Viv tansyon ki kreye nan Vil la afekte fonksyònman anpil aktivite tankou
    lekòl, lajistis, komès. Sa afekte lespri moun ak kreye anpil stress
  3. Li diminye koyezyon ak inite ki te gen nan kominote a ki vin rann li vilnerab fas a menas kap soti deyò yo
  4. Tout antite yo pale ak yo dakò pou kolabore nan kreyasyon yon klima
    apeze pou divizyon fini epi pou tèt ansanm tounen nan kominote a.
  5. Chak antite ak pèsonalite yo dakò pou yo pote kontribisyon yo nan sa y ap di
    ak nan sa y ap fè pou pèmèt gen yon apezman nan zòn nan.
  6. – tout antite yo te pale yo dakò pou pa pran nan provokasyon ni pou pa fè provokasyon
  7. Tout otorite yo dakò pou ranfòse amoni nan mitan yo nan enterè kominote a.
  8. Tout antite yo dakò pou kontinye jwe wòl nan limit konpetans yo.
  9. -Li parèt klè gen konfli ant kèk otorite nan zòn nan , men yo tout dakò pou
  10. fini ak tout divizyon epi travay nan enterè kominote a.
  11. Majorite antite yo swete pou yo adrese rapò BSAP ak Lapolis.

Selil jesyon kriz la rapousib pou di rankont yo te pèmèt yo te dekouvri tou kèk gwo problèm ki mérite adrese rapid nan kominote a tankou:

  1. Jesyon problèm ensekirite a nan zòn nan mande pou lapolis gen kontwòl
    pòt rantre depatman, malerezman Pòs polis Tè wouj la ki te ka jwe wòl sa a
    pa sou kontwòl depatman sant malgre li nan komin Mirebalais
  2. Menas bandi ame yo reyèl
  3. Prizon an debòde kote li gen plis pase 400 prizonye anplis kapasite li te konstrui pou li a
  4. Manda pifò Jij yo fini nan Tribinal sivil la , sa limite bòn Mach sistèm jistis la.
  5. Lapolis gen lòt bezwen ijan tou
  6. Kesyon pòs kontwòl lapolis yo dwe pibyen distribye paske yo konsantre plis sou wout Laskahobas la
  7. Gen nesesite pou fè yon kominikasyon fòmèl bay otorite nan gouvènman
    pou ba yo bonjan enfòmasyon ki ka ede amelyore anviwònman sekiritè nan
    rejyon an.

Selil jesyon kriz la fini pou di; yo byen konprann pozisyon politik chak antite , men ansanm yo dakò enterè Mibalè avan tout bagay. Yo
mande laprès pou jwe wòl li nan bay kontribisyonl l pou fè lapè retounen nan
kominote a.

N ap siyale selil jesyon kriz la pase 3 jou ap travay san pran souf lajounen kou nan nuit pou reyalize konsiltasyon sa yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841