Depi plizyè dizèn ane, dyaspora ayisyen an toujou rekonèt kòm yon poto mitan nan ekonomi peyi a. Li voye milya dola chak ane ki ede fanmi yo viv, soutni lekòl, lopital ak pwojè devlòpman. Men lè moman eleksyon rive, li toujou mete deyò. Poukisa kominote ki bay peyi a tèlman sipò, pa janm jwenn dwa pou patisipe nan eleksyon ?

Yon wòl ekonomik, men pa politik

Dyaspora a kenbe ekonomi peyi a sou de pye l. San lajan li voye, anpil moun pa t ap kapab peye lekòl, manje oswa pran swen sante yo. Men, pandan kontribisyon ekonomik li klè, dwa politik li pa respekte. Okenn gouvènman pa janm mete an plas yon mekanis klè pou l ka vote.

Yon lwa ki pa klè epi neglije

Konstitisyon ayisyen an rekonèt dwa ayisyen ki aletranje yo pou yo patisipe nan lavi politik peyi a. Malerezman, sa rete sou papye. Okenn gouvènman pa janm bay mwayen pou dyaspora a ka vote. Se swa yon mank de volonte politik, swa yo fè sa espre pou kenbe l lwen pouvwa a.

KEP a san vizyon pou dyaspora a

Plizyè KEP ki pase yo pa janm pran inisyativ pou mete biwo vòt nan konsila yo, fè yon sistèm vòt elektwonik oswa voye bilten bay ayisyen k ap viv lòt bò dlo. Se swa yo pa kapab, swa yo pa vle, paske yo pè sa dyaspora a ta ka fè nan eleksyon yo.

Yo pè dyaspora a paske yo pa ka manipile l ?

Politisyen ayisyen yo toujou renmen di yo apresye dyaspora a, men lè yo rive sou pouvwa a, yo pa janm mete anyen an plas pou l ka vote. Yo pè paske dyaspora a pi lib, li pa sou presyon, epi li gen plis enfòmasyon sou sa k ap pase nan peyi a. Se yon eleksyon yo pa ka kontwole fasil.

Kilè bagay sa ap chanje ?

Dyaspora a toujou reve pou l ka ede Ayiti pi plis. Men si li pa gen dwa vote, li pa janm ka gen yon vrè enfliyans sou desizyon politik yo. Yon gouvènman ki vrèman vle chanje Ayiti ta dwe mete tout estrikti nesesè pou dyaspora a ka patisipe nan eleksyon.

Kesyon an rete la : Eske Ayiti pare pou l bay dyaspora li plas politik li merite ?

Sadrax ULYSSE
Editoryalis Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841