Nan Boukina Faso, medya yo anonse divès responsab fè konnen yo rive dejwe, semèn sa a, yon koudeta plizyè peyi etranje soutni a 41 milyon dola, kote chèf kabinè Prezidan Ibrahim Traoré a jwenn arestasyon li, pou prezime esplikasyon li nan konplo asasina.

Gouvènman militè Boukina Faso a revele yon gwo tantativ koudeta chèf eta majò Prezidan Ibrahim Traoré a te swete òganize. Prezime konplis la admèt li te resevwa 25 milya fran CFA, ki se ekivalan 41 milyon dola ameriken, pou kowòdone yon pil zam ki t ap antre Boukinafaso atravè Kotdivwa avèk sipò Lafrans.

Prezime konplotè a ki pa ko gen idantite li revele

Divès sous sekirite yo di konplo sa a yon ankèt militè revele, te vize asasinen prezidan Traoré epi pwovoke yon kawo nasyonal sou peyi a. Konsa, otorite yo akize Lafrans ki voye zam nan Kotdivwa atravè alye yo Prezidan Alassane Ouattara.

Arestasyon ansyen ofisye sa a non li pa ko devwale, ogmante tansyon yo nan Sahel pandan Boukina Faso ap lite ak enstabilite ki lye ak Jent militè Traoré a. Yo pa rapòte gen okenn viktim, men laperèz pou enjerans etranjè yo ap grandi.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841