Habemus Papam! Avèk eleksyon Robert Prevost, ki pran non Léon XIV, legliz katolik la antre nan yon nouvo epòk, men yon epòk ki sanble chaje ak memwa Pap Franswa, non sèlman kòm lidè espirityèl, men kòm pwofèt modèn ki te mete pawòl la ak aksyon sou kote moun ki pi vilnerab yo.
Léon XIV, Ameriken ki te sèvi nan misyon nan peyi Perou, se pitit relijyon popilè Amerik Latin lan. Li pote sou zepòl li eritaj yon Legliz ki pa chita sèlman sou rit, men ki ap chache viv lafwa nan angajman konkrè: nan defans imigran, nan lit kont povrete, ak nan ankourajman pou Legliz la rete bò kote “peuple en marche”.

Yon siy kontinite sou filozofi Pap Franswa
Avèk orijin li, ak apwofondisman li nan travay pastoral ak misyonè, nouvo Pap la se pa sèlman yon chwa “sosyolojik” li se yon siy teyolojik. Lè li pran non Léon XIV, li mete tèt li nan liy Pape Léon XIII ki te mete baz Doktrin Sosyal Legliz la, e ki te denonse enjisitis kapitalis nan epòk endistriyalizasyon. Yon chwa ki se mesaj an li menm.
Avni teyoloji liberasyon an
Nou pa ka inyore lefèt ke anpil obsèvatè wè Robert Prevost kòm yon evèk ki te toujou ouvè a teyoloji liberasyon an pa sa ki te ideyolojik, men pa sa ki tise relasyon ant lafwa ak reyalite. Teyoloji ki mete Bib la bò kote moun k ap soufri, ki konsidere Jezi kòm pa sèlman Sali a, men kòm modèl rebèl kont enjisitis.
Yon Pap pou moun ki sou bò limit Legliz jodi a ap chèche tèt li: ant kri deblozay nan mond lan, pèt kredibilite sou zak abi seksyèl, e angajman li sou kesyon sosyal. Léon XIV gen devwa pa l: montre Legliz la ka toujou jwe yon wòl moral, pa nan moralism, men nan etik angajman pou defann moun ki ekzile, fanmi kraze, medam viktim sistèm, jèn ki san avni.

Espwa pou Ayiti, pou Lafrik, pou pòv mond lan
Nan moman kote Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan kriz, e kote anpil pèp santi yo abandone, legliz la dwe kontinye mete limyè sou sa Pap Franswa te rele « periferik mond lan ». Pap Léon XIV gen opòtinite mete Ayiti, Afrik, peyi Karayib yo, ak tout kote pèp ap soufri yo nan priyè l, nan mesaj li, e nan desizyon li yo.
Pou fini, se pa tout Pap ki gen tan pou fè revolisyon. Men gen Pap ki sèmante pou kontinye chimen. Si Pap Franswa te limen limyè espwa, Léon XIV, se Pap ki ka kenbe l limen. Se pou Lespri Sen an ak tout lidè mondyal relijye yo ede l reponn a apèl listwa a.
Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une