Konstitisyon 1987 lan, malgre feblès li yo, se pa yon papye san valè. Se pa opinyon politisyen li chita sou li, se sou memwa batay pèp la kont diktati. Li di klèman nan atik 284.1 ke okenn amandman pa ka fèt pa referandòm. Atik 283 di nenpòt amandman dwe fèt pa 2/3 de chak chanm palmantè, epi konfime pa pwochen lejislati a. Men, kote Palman jodi a? Ki 2/3 Sena ki la? Ki nouvo lejislati ki kapab valide anyen? Lè baz legal pa la, tout lòt chita pale se paradi.

Yo di nou peyi a bezwen yon nouvo Konstitisyon. Sa pa gen diskisyon. Tout moun ki reflechi konnen 1987 la gen limit, gen mank, gen twou. Men, ou pa ka chanje lwa fondamantal yon peyi sou baz dezòd. Ou pa ka reklame refòm pandan w ap kòmanse ak vyolasyon. Se pa ak men ki sal ou lave figi nasyon. Se pa ak inegalite, ak ti gwoup moun fèmen sou tèt yo ou chita kontra sosyal yon pèp. Lè ou pa gen manda pèp la, ou pa ka pale ni siyen nan non li.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ansanm ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ap mennen demach pou mete sou pye yon nouvo Konstitisyon pou Ayiti. Yo resevwa komisyon, yo lanse konsiltasyon, yo pale de refondasyon. Men tout sa yo ap fè a fèt san okenn baz legal, san okenn lejitimite moral ni politik. Se tankou y ap eseye reekri lavni yon nasyon san pèmisyon pèp la, epi pi grav toujou, an vyolasyon total ak Konstitisyon ki egziste deja a.

Konstitisyon se pa zouti politik ni mwayen pou sove figi. Se pa dekouvèt pawòl ki pou kouvri feblès. Li se kontra moral, kontra fondatè. Li mande refleksyon kolektif, li mande patisipasyon tout aktè sosyal. Li pa ka fèt anba presyon. Li pa ka fèt an kachèt. Li pa dwe fèt pa moun ki pa gen anyen pou montre kòm reyalizasyon, men ki toujou pare pou mete men sou sa ki sakre.

Ayiti merite chanjman. Ayiti merite yon nouvo kad legal. Men, se pa konsa. Se pa pa desizyon tèt chaje. Se pa pa aktè san manda. Se pa pa gagòt. Si se refondasyon nou vle, se ak respè, ak etik, ak konsansis nou dwe bati li. Se pa ak konfiskasyon pouvwa, se pa ak silans pèp la n ap trase sa ki dwe gide l pou demen.

Se pa paske peyi a gen kriz ke tout rès moral la dwe kraze. Se pa paske yo mete ou chèf tanporè ke ou ka manyen tout bagay tankou w ap mete sèl nan manje. Nou pa kont nouvo Konstitisyon. Men, nou kont men ki pa pwòp k ap manyen li. Paske ou pa bati nasyon sou baz gagòt, ou bati li sou baz prensip, sou baz verite, sou baz legimite. E jodi a, nou pa wè okenn sa yo. Nou wè mank vizyon, mank jistis, epi anpil gwo zèl pou fè bagay ki pa ladan w.

Jean Launy AVRIL,
Editoryalis- Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar