Depi plis pase de (2) mwa, pèp Mibalè ak Sodo ap viv anba yon soufrans san non, kote fanmi oblije kouri kite kay yo, biznis kraze, lari yo tounen simityè, lavi vin tounen deblozay. Malgre dram sa yo ki kontinye ap depase tout limit imanitè, sa nou jwenn jodi a, se vizit manfouben ak bèl pawòl diplomatize ki pa pote okenn chanjman konkrè sou reyalite teren an.
Vizit Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Ekselans Fritz Alphonse Jean, ak Majistra Pòtoprens lan, Youri Chevry, vin bay yon bèl foto, ak deklarasyon byen mezire sou vin mete dòmi nan zye pèp la ak pran nòt de doleyans yo. Men, pou moun k ap dòmi nan raje ak movèz kondisyon, k ap manje pa aksidan, ki kouri pou kout zam, bèl fraz pa ranplase sekirite. Popilasyon Mibalè ak Sodo pa bezwen dyalòg ankò, li bezwen retounen lakay li san kè sote, li bezwen mache sou wout li san l pa bezwen gade dèyè.
Tout pwen ki te mete sou tab la , sekirite, sipò pou lapolis, ak rekonstriksyon ekonomik, se bèl chapit sou papye. Men se pa janm yon plan operasyonèl sou tèren. Pandan ke yo ap pale de “dispozisyon ki deja pran”, nèg ak zam toujou okipe wout yo, toujou kontwole katye yo, toujou mete moun deyò lakay yo. Lè aksyon pa fèt, bèl diskou tounen ofans pou viktim yo.
Gen de aspè ki fè vizit sa vin pi sinik toujou: Premyeman, se menm moun ki genyen responsablite pou mete sekirite sa yo ki depi plizyè mwa montre enkapasite yo. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pa ka sèvi ak langaj pwomès sou yon kriz li menm li kite dejenere.
Dezyèmman, lè Prezidan KPT a vini ap pale sou « resous Leta mete pou enstale Pelig la », li bay leson moral sou fristrasyon pèp la, san l pa janm di kijan fristrasyon sa a sòti anba move jesyon, gaspiyay, e inyorans total sou reyalite moun k ap soufri yo.
Lè Leta mande pou popilasyon an « pwoteje Pelig la », nou mande:
Kilès ki pwoteje pèp la?
Kilès ki bay viktim yo jistis?
Kilès ki peye dèt soufrans lan?
Sa k pi grav la, pratik sa a vin tounen yon modèl: lè kriz eklate, yo voye delegasyon, yo pran foto, yo pale sou « tandans pou amelyorasyon », pandan ke pèp la kontinye ap mouri an silans. Se pa yon politik sekirite sa ye, se yon mizansèn diplomatik sou kadav nasyon an.
Ayiti pa bezwen vizit doleyans ankò. Ayiti bezwen aksyon, plan, rezilta.
Pandan tout tan bèl pawòl ap kontinye, bandi ap kontwole plis espas, ekonomi ap tonbe, ak avni ap efase.
Peyi sa a pa manke lide, li manke volonte. Li pa manke plan sou papye, li manke kouraj pou egzekite yo. Se la diferans lan ye: Ant deklarasyon ak liberasyon.
Jean Launy AVRIL
Editoryalis- Centre à la Une